Book of Common Prayer
Kilès ki pi gran?
(Mak 9:33-37; Lik 9:46-48)
18 Nan menm peryòd la, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo mande l: “Kilès ki pi gran nan wayòm Bondye a?”
2 Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe devan yo 3 epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. 4 Moun Bondye onore plis nan wayòm li a, se moun ki desann tèt li pou l vin tankou timoun sa a.
5 Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa.
Mizangad sou koz ki fè moun peche
(Mak 9:42-48; Lik 17:1-2)
6 Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. 7 Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.
8 Konsa, si se men w oswa pye w k ap lakoz ou tonbe, pito w koupe yo voye jete. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. 9 Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou gen lavi etènèl ak yon sèl zye, pase pou ou ta gen de je w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la.
Parabòl mouton ki te pèdi a
(Lik 15:3-7)
10 Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la. 11 [a]
12 Si yon nonm gen 100 mouton epi gen youn ladan yo ki pèdi, nou pa panse l ap kite 99 lòt yo nan raje a pou l al chache sa ki pèdi a? 13 An verite m ap di nou, lè l jwenn sa k te pèdi a, l ap gen plis kè kontan pou mouton sa a pase 99 lòt ki pa t pèdi yo. 14 Se menm jan an tou Papa nou ki nan syèl la pa vle youn nan timoun sa yo pèdi.
Jezi resevwa timoun yo
(Mat 19:13-15; Lik 18:15-17)
13 Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè Jezi wè sa k t ap pase a, li te vin fache epi li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble ak timoun sa yo. 15 An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.” 16 Apre sa, Jezi pran timoun yo nan bra l, li touche yo ak men l, epi li beni yo.
Copyright © 2017 by Bible League International