Book of Common Prayer
Jan ap entwodui liv la
1 Liv sa a, se yon seri vizyon ki montre ki moun Jezikris ye. Se Bondye ki bay Jezi revelasyon sa yo, pou l voye montre sèvitè l yo sa k gen pou rive nan yon ti kras tan ankò. Epi, Kris voye Zanj li pou montre Jan, sèvitè l la, bagay sa yo. 2 Se Jan k ap rakonte tout sa l te wè. Sa Jezi di l la se verite a. Se mesaj sa a Bondye voye menm. 3 Moun k ap li liv sa a ansanm ak moun yo k ap tande sa liv sa a di, moun sa yo se moun ki ere, si yo mete an pratik pawòl sa yo. Paske moman ki fikse pou bagay sa yo prèske rive.
Jan voye lèt bay legliz yo
4 Se Jan k ap ekri voye bay sèt legliz ki nan zòn Azi a:
Gras ak lapè Bondye pou nou, limenm ki la, ki te toujou la, epi ki nan wout ap vini an, ansanm ak sèt espri Bondye yo ki devan twòn li a, 5 ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè.
Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo. 6 Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.
7 Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse[a] kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!
8 Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega,[b] mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mak 12:18-27; Lik 20:27-40)
23 Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: 24 “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a.[a] 25 Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. 26 Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. 27 Fi a vin mouri an dènye. 28 Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?”
29 Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 30 Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. 31 Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: 32 Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?[b] Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”
33 Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.
Copyright © 2017 by Bible League International