Book of Common Prayer
Yo chwazi sèt moun pou yon travay espesyal
6 Kantite kwayan yo te kontinye ap ogmante chak jou pi plis. Nan menm tan sa tou, Jwif ki te fèt nan lòt peyi epi ki te pale grèk yo te tonbe plenyen kont Jwif ki te fèt nan Izrayèl epi ki te pale ebre yo. Yo t ap plenyen dèske vèv pa yo pa t jwenn anyen nan manje ki t ap separe chak jou a. 2 Konsa, douz apot yo rasanble tout gwoup kwayan yo ansanm, epi yo di yo: “Li pa ta nòmal pou nou ta neglije travay anseye Bòn Nouvèl Bondye a pou n al okipe afè separe manje.
3 Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a. 4 Konsa, nou menm, n ap kapab itilize tout tan nou pou n lapriyè epi anseye mesaj Bondye a.”
5 Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip,[a] Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris. 6 Yo prezante mesye yo devan apot yo. Apot yo lapriyè epi yo mete men sou tèt[b] mesye yo.
7 Ansèyman mesaj Bòn Nouvèl la te kontinye gaye toupatou. Epi gwoup kwayan nan Jerizalèm yo pa t sispann ogmante. Ata sakrifikatè yo te vin mete konfyans yo nan Kris la pa ban ak pa pakèt.
59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.” 60 Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.
8 Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.
Pèsekisyon kont kwayan yo
Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. 2 Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. 3 Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon. 4 Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.
Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari
5 Filip[a] desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. 6 Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. 7 Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. 8 Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil.
Copyright © 2017 by Bible League International