Book of Common Prayer
Mesaj Jezi voye bay legliz Esmin nan
8 Ekri voye bay anj legliz Esmin nan: Men kisa moun ki premye ak dènye a voye di w, moun ki te mouri epi ki resisite a.
9 Mwen konnen pwoblèm ou yo, epi m konnen ou pòv, men anreyalite ou rich! Moun ki di yo se Jwif, poutan se pa vre, mwen konnen ki valè ensilte yo ensilte w. Se yon gwoup moun pou Satan yo ye. 10 Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.[a]
11 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.
Mesaj Jezi voye pou legliz Pègam nan
12 Ekri voye pou anj legliz Pègam nan: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di w.
13 Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la. 14 Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl. 15 Ou menm tou, ou gen kèk moun bò kote w k ap swiv ansèyman Nikolayit yo tou. 16 Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.
17 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo!
Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.
13 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. 14 [a]
15 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou.
16 Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. 17 Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a?
18 Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. 19 Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? 20 Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. 21 Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. 22 Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li.
23 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi.[b] Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. 24 Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo.
25 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. 26 Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon.
Copyright © 2017 by Bible League International