Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 111-112' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: Book name not found: 2Esd for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 11:32-12:2

32 Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. 33 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, konsa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. 34 Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo. 35 Gen kèk medam ki te rejwenn moun yo te gen mouri vivan. Gen lòt ki pase anpil mati, poutan yo refize libète. Yo te pito resisite ak yon nouvo lavi ki pi bon. 36 Genyen yo te pase nan betiz, yo bat yo. Gen lòt yo anchene lage nan prizon. 37 Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo. 38 Lemonn pa t merite yo, yo te twò swa pou lemonn. Yo te tankou refijye ki san plas nan tout dezè, nan tout mòn. Yo te viv nan gwòt ak nan tou wòch.

39 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Men yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. 40 Bondye planifye yon pi bon bagay pou nou. Bondye pa t vle fè yo rive nan nivo pèfeksyon an san nou menm.

Nou dwe swiv egzanp Jezi

12 Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan finisman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.

Error: 'Sòm 148 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 150 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:1-4

Yon Jerizalèm nouvo

21 Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo,[a] m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.

Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo. L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”

Revelasyon 21:22-22:5

22 Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an. 23 Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.

24 Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la. 25 Pòtay vil la p ap janm fèmen lajounen kou lannuit, paske p ap gen lannuit nan vil la. 26 Tout glwa ak tout lonè nasyon yo, y ap pote yo vini nan vil la. 27 P ap gen anyen ki pa pwòp k ap antre nan vil la. Moun k ap fè vye bagay sal, moun k ap bay manti, pa gen youn k ap antre ladan i. Se sèlman moun ki te enskri nan liv lavi Ti Mouton an k ap antre nan vil la.

22 Zanj lan montre m yon gwo larivyè dlo ki bay lavi. Li klè menm jan ak kristal. Rivyè dlo sa a soti nan fotèy Bondye a, ansanm ak Ti Mouton an. Nan mitan gran ri ki nan vil la, sou de bò gwo larivyè a, gen yon pye bwa ki bay lavi ki donnen douz rekòt, chak mwa li donnen. Fèy pye bwa sa a se remèd pou geri nasyon yo.

P ap gen anyen modi nan vil sa a. Fotèy Bondye ansanm ak Ti Mouton an ap nan vil sa a. Moun k ap sèvi l yo, y ap fè sèvis pou adore l. Y ap wè l fasafas epi non l ap ekri nan fon yo. P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International