Book of Common Prayer
1 Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou.
M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.
2 Poutèt nou konnen Bondye ak Jezi, Senyè nou an, se pou yo ban nou gras ak lapè an abondans.
Bondye ban nou tout sa n gen bezwen
3 Nan pouvwa Bondye genyen, Jezi ban nou tout sa nou bezwen pou n ka viv epi sèvi l ak fidelite. Li te fè nou konnen moun ki te rele nou an, pou fè n patisipe nan glwa ak nan bonte li. 4 Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm.
5 Poutèt nou genyen benediksyon sa yo, an n fè tout sa n kapab pou n mete bagay sa yo nan lavi nou: mete bon konduit sou lafwa nou; mete konesans sou bon konduit nou; 6 mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou; 7 mete jantiyès pou frè ak sè an Kris yo sou devouman nou pou Bondye; epi mete lanmou sou jantiyès nou pou frè ak sè an Kris yo. 8 Lè n gen bagay sa yo nan lavi nou, lè y ap ogmante detanzantan, nou p ap janm tonbe nan pwen pou n ta vin pa itil Bondye ankò. N ap pote fwi ki soti nan konesans Jezikris, Senyè nou an. 9 Men, moun ki pa grandi nan domèn sa yo, yo avèg. Yo pa wè klè sa yo genyen. Yo bliye Bondye te netwaye peche yo te genyen yo.
10 Poutèt sa, frè ak sè m yo, fè jefò pi plis pou nou ka konfime apèl ak chwa Bondye te fè pou nou an. Si nou fè sa konsa, nou p ap janm tonbe. 11 Wi, Bondye va louvri Wayòm ki p ap fini an byen laj pou nou, Wayòm Jezikris, Sovè ak Senyè nou an.
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)
21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. 2 Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. 3 Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”
4 Tout sa rive kon sa pou konfime pwofesi a:
5 “Fè anons lan pase nan Siyon:[a]
men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”(A)
6 Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. 7 Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, kon sa Jezi chita sou yo. 8 Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. 9 Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj[b] pou Pitit David la!
Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a!(B)
Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”
10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Copyright © 2017 by Bible League International