Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 147 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Deteronòm 26:1-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 6:26-35

26 Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen. 27 Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”

28 Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?”

29 Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”

30 Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? 31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”(A)

32 Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33 Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”

34 Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.”

35 Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò.

Error: 'Sòm 145 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 5:12-24

Dènye pawòl ak salitasyon fin al

12 Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. 13 Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou.

Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. 14 Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. 15 Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun.

16 Toujou fè kè ou kontan. 17 Pa janm sispann lapriyè. 18 Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris.

19 Pa antrave travay Sentespri a. 20 Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. 21 Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. 22 Kouri lwen tout sa ki mal.

23 Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. 24 Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International