Book of Common Prayer
Babilòn detwi nèt
18 Apre sa, m wè yon lòt anj desann soti nan syèl la. Anj sa a te gen anpil pouvwa. Laglwa anj sa a te klere latè byen klere. 2 Anj lan t ap rele byen fò:
“Li kraze!
Gwo lavil Babilòn nan kraze!
Li vin tounen kay tout demon yo.
Lavil la vin tounen yon kote tout move lespri yo rete.
Se yon kote tout kalite zwazo ki pa pwòp yo rete.
Se yon kote tout vye bèt ki pa pwòp ak bèt moun rayi rete.
3 Tout pèp sou latè bwè nan diven an,
diven peche seksyèl la, ansanm ak kolè Bondye a.
Wa ki sou latè yo fè peche seksyèl avèk li,
machann yo ki nan mond lan tou,
yo vin rich avèk anpil richès yo jwenn nan gwo lavil la.”
4 Mwen tande yon lòt vwa ki soti nan syèl la. Li di:
“Pèp mwen, soti nan vil la,
pou w pa patisipe nan peche l yo.
Lè sa a, ou p ap pase anba pinisyon tèrib k ap vin pou li.
5 Peche lavil la fè pil monte rive nan syèl la.
Bondye pa bliye move zak li yo.
6 Trete lavil sa a menm jan l te trete lòt yo.
Remèt li de fwa lavalè sa l te fè.
Mete nan gode pou li yon diven ki de fwa pi fò
pase diven li te bay lòt yo.
7 Li te renmen laglwa ak richès anpil.
Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy.
Li t ap di nan kè li:
M chita sou fotèy rèn mwen.
Mwen pa yon vèv;
m p ap janm an dèy.
8 Se poutèt sa, nan yon sèl jou, li pral soufri
yon grangou rèd, dèy ak lanmò.
Se nan dife l ap fin i,
paske Senyè Bondye ki jije l la gen anpil puisans.”
Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo
(Mak 7:1-23)
15 Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon. 2 Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”
3 Jezi reponn yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou ka swiv koutim ki fè nou plezi yo? 4 Bondye di: Onore papa nou ak manman nou.(A) Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.(B) 5 Konsa, nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp lan, 6 li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. 7 Bann ipokrit! Li parèt aklè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:
8 Moun yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
men kè yo lwen mwen.
9 Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”(C)
10 Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: 11 Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.”
12 Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?”
13 Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. 14 Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”
15 Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?”
16 Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? 17 Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? 18 Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 19 Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”
Copyright © 2017 by Bible League International