Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 38 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 119:25-48' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Amòs 8 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 1:17-2:7

17 Lè m wè l, mwen tonbe nan pye l, menm jan ak yon moun mouri. Li poze men dwat li sou mwen epi li di: “Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki premye a, se mwen menm ki dènye a. 18 Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a. 19 Alò, ekri sa ou wè, sa k ap pase kounye a, epi sa k ap rive apre sa. 20 Men ki sans kache sèt zetwal yo ou wè nan men dwat mwen yo genyen, oubyen sèt lanp yo: Sèt zetwal yo se zanj sèt egliz yo epi sèt lanp yo se sèt egliz yo.”

Mesaj Jezi voye bay legliz Efèz la

“Ekri voye bay zanj legliz Efèz la: Men sa moun ki gen sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k ap mache pami sèt lanp an ò yo, men sa l di.

Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè. Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone.

Men sa m genyen kont ou, se paske ou pèdi premye amou ou te genyen okòmansman an. Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a. Men gen yon bagay ou fè ki byen, ou rayi sa Nikolayit[a] yo ap fè a. Mwen rayi sa y ap fè a tou.

Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a[b] ki nan paradi Bondye a.

Matye 23:1-12

Jezi kritike lidè relijye yo

(Mak 12:38-40; Lik 11:37-52; 20:45-47)

23 Jezi te kòmanse pale ak foul la ansanm ak disip li yo, li di: “Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete[a] Lalwa Moyiz la. Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.[b]

Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè[c] yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj[d] nan manto yo pi long pase pa lòt moun. Yo renmen plas devan nan resepsyon. Yo renmen plas kote moun ka wè yo lè y al nan sinagòg. Lè yo sou laplas piblik, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè, yo renmen lè moun rele yo Mèt.

Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè. Pa rele okenn moun sou latè Papa, paske se yon sèl papa nou genyen, epi se nan syèl li ye. 10 Pa kite okenn moun rele w Mèt, paske nou gen yon sèl mèt, se Kris la. 11 Moun ki pi enpòtan pami nou, se sila a k ap sèvi lòt moun yo. 12 Nenpòt moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International