Add parallel Print Page Options

Jezi kritike lidè relijye yo

(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 20:45-47)

37 Lè Jezi fin pale, yon Farizyen envite l vin manje ak li. Jezi ale, li antre lakay Farizyen an epi li chita bò tab la. 38 Farizyen an pa t manke sezi lè l wè Jezi pa t lave men[a] l anvan l manje. 39 Men, Jezi di Farizyen an konsa: “Nou menm Farizyen yo sa nou fè a se tankou yon moun ki netwaye deyò yon gode oubyen yon plat men anndan nou se lide vòlò, lide pran tout pou nou ak mechanste sèlman ki genyen. 40 Bann moun egare! Bondye ki kreye pati ki sou deyò a se li menm tou ki kreye anndan an. 41 Bay pòv yo sa w ta renmen gade pou ou menm. Lè sa a ou ap pwòp nèt.

42 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo, paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye sitwonèl ak lòt kalite plant nou yo. Men, kanta pou pratike lajistis, pou nou renmen Bondye, nou kale yo bèl vag. Tandiske se sa pou ne te fè, san n pa neglije lòt bagay yo tou.

43 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ki renmen pran plas devan nan sinagòg yo ak lè moun ap montre respè pou nou lè y ap salye nou nan mache yo. 44 Malè pou nou, paske nou tankou yon bann tonm ki pa make. Moun ap mache sou nou san yo pa konnen kijan nou malouk anndan nou.”

45 Apre sa, youn nan direktè Lalwa yo pran lapawòl li di: “Mèt, lè ou ap di bagay sa yo ou ensilte nou tou wi nou menm.”

46 Jezi reponn li: “Malè pou nou tou nou menm direktè Lalwa yo, paske nou fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo.[b] Alòske nou menm, nou p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande. 47 Malè pou nou paske nou bati bèl tonm pou pwofèt yo, men, se zansèt nou yo ki te touye yo. 48 Lè nou fè sa, nou montre nou dakò ak sa zansèt nou yo te fè, lè yo te touye pwofèt yo, paske yo te touye yo, nou menm nou bati tonm pou yo. 49 Se poutèt sa Bondye di nan sajès li: M ap voye pwofèt ak apot ba yo. Y ap touye kèk ladan yo epi y ap pèsekite rès yo.

50 Konsa, nou menm ki fè pati jenerasyon sa a, Bondye ap pini nou pou san tout pwofèt ki te koule depi okòmansman lakreyasyon pou jis kounye a. 51 L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari,[c] sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo.

52 Malè pou nou, nou menm direktè Lalwa! Nou kenbe kle pou louvri pòt konesans pawòl la nan men nou. Epoutan nou pa aprann anyen ladan l pou tèt nou epi nou anpeche lòt moun aprann tou.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:38 lave men Nan kontèks pasaj sa a, lave men an se te yon koutim Jwif yo te genyen Farizyen yo te panse ki te enpòtan anpil.
  2. 11:46 oblije … obeyi yo Literalman, “Nou mete sou do pèp la fado ki byen lou, ki difisil pou yo pote.”
  3. 11:51 Abèl, Zakari Nan Ansyen Testamanan ki nan lang Ebre, Abèl se premye moun yo te touye, Zakari se dènye moun yo te touye. Gade nan Jen 4:8-11 ak 2 Kw 24:20-25.