Book of Common Prayer
9 Yo t ap chante glwa ak onè pou moun ki te chita sou twòn nan, moun k ap viv pou tout tan an. Epi chak fwa yo te fè sa, 10 24 pèsonaj ansyen yo te tonbe ajenou devan moun ki chita sou twòn nan epi k ap viv pou tout tan gen tan an. Yo adore moun k ap viv pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan twòn nan pandan y ap di konsa:
11 “Senyè Bondye nou,
ou diy pou resevwa glwa, onè ak pouvwa.
Paske se ou menm ki kreye tout bagay.
Tout bagay te fèt paske w te vle fè yo.”
Ki moun ki kapab louvri woulo a?
5 Lè sa a, m wè yon liv sou fòm yon woulo nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Woulo sa a te ekri toude bò, anndan kou deyò. Liv la te fèmen epi yo poze sèt sele sou li. 2 Epi m wè yon anj puisan ki t ap kriye byen fò: “Ki moun ki diy pou kase sele yo epi louvri liv la?” 3 Men, ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a, pa genyen pèsòn ki te kapab kase sele yo pou gade anndan liv la. 4 Mwen te kriye anpil, paske pèsòn pa t diy ase pou louvri liv la, pèsòn pa t diy ni menm pou gade sa ki ladan. 5 Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon[a] ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.
Parabòl dis jèn fi yo
25 Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li. 2 Senk ladan yo se te tèt cho, lòt senk yo te gen tèt yo anplas. 3 Medam tèt cho pran lanp yo se vre, men yo pa t pran pyès gaz rezèv. 4 Lòt senk medam yo, non sèlman yo te pote lanp, men yo te pote boutèy gaz yo tou. 5 Kòm mesye marye a pran tan pou rive, medam yo vin kagou epi yon ti dòmi vòlè yo.
6 A minwi, gen yon vwa ki anonse byen fò: Men mesye marye ap vini! Soti vin rankontre l.
7 Lè sa a tout medam yo reveye, epi yo kòmanse prepare lanp yo. 8 Kounye a, medam tèt cho yo di lòt medam yo: Ban nou ti gaz tanpri, lanp nou yo ap mouri!
9 Medam ki te gen tèt anplas yo reponn: Non, gaz nou genyen p ap ase pou nou tout. Al achte nan men machann yo.
10 Pandan medam tèt cho yo sou wout pou y al achte gaz, mesye marye a rive. Medam ki te pare yo antre nan sal bankè nòs la. Apre sa, yon responsab fèmen pòt la.
11 Lè lòt medam ki t al achte gaz yo retounen, yo kòmanse sipliye mesye marye a pou ouvri pou yo: Senyè, SENYÈ, ouvri pou nou!
12 Men li reponn yo: An verite, m pa konnen nou!
13 Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen.
Copyright © 2017 by Bible League International