Book of Common Prayer
Mesaj Jezi voye pou legliz Tiyati a
18 Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.
19 Mwen konnen kijan ou ap viv, lanmou ou, lafwa ou, sèvis ou, pèseverans ou, epi ou toujou ap chache fè pi plis chak jou. 20 Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo.
22 Poutèt sa, m pral jete l sou yon kabann, nan yon gran detrès, ansanm ak tout moun ki t ap fè adiltè avè l yo, sof si yo ta repanti, si yo kite move zak yo. 23 M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.
24 Pou nou menm, lòt moun nan Tiyati yo ki pa nan doktrin sa a, epi ki pa antre byen fon nan Satan, jan yo di l la, mwen deklare, m pa mete lòt chaj sou nou. 25 Sèlman, sa k nan men nou an, kenbe l fèm jouktan m vini.
26 Moun ki ranpòte laviktwa yo, ki fè volonte m jiska lafen, m ap ba yo pouvwa sou nasyon yo. 27 Y ap dirije nasyon yo ak yon baton anfè, y ap kraze nasyon yo menm jan yo kraze yon po anajil.[a] 28 Se konsa, mwen menm, mwen te resevwa pouvwa nan men papa m. Epi m ap bay moun sa yo zetwal ki klere chak maten an tou. 29 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!
27 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete. 28 Se menm jan pou nou tou, nanpwen moun ki pi sen pase nou sou deyò, men anndan nou plen ak ipokrizi ak mechanste.
29 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bati tonm pou pwofèt yo, pou n montre anpil onè pou kav moun ki jis yo, 30 epi nou di si nou te viv nan tan zansèt yo, nou pa t gen anyen pou wè ak lanmò pwofèt yo. 31 Konsa nou rekonèt nou se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo. 32 Enben, an avan non! Nou mèt fini travay zansèt nou te kòmanse a!
33 Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a? 34 Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt.
35 Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari,[a] pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. 36 M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a.
Jezi bay avètisman pou Jerizalèm
(Lik 13:34-35)
37 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 38 Men kounye a, kay ou a pral rete vid. 39 Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”[b]
Copyright © 2017 by Bible League International