Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 63 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 98 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 103 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Amòs 9:11-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Tesalonisyen 2:1-3

Anpil move bagay gen pou rive

Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a. Piga kite tèt ou twouble si yon moun ta di Jezi retounen deja. Menm si you moun ta di li jwenn yon pwofesi oubyen yon lèt ki sòti bo kote nou ki ta di Jou Jezi ap retounen an rive deja pa kwè moun sa a. Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an.[a]

2 Tesalonisyen 2:13-17

Bondye te chwazi sove nou

13 Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki[a] pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a. 14 Se nan objektif sa a Bondye chwazi w. Bondye sèvi ak Bòn Nouvèl nou te prezante w la pou li sove ou. Li te chwazi w pou ou ka patisipe nan laglwa Jezikris, Senyè nou an. 15 Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w. 16 Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid, 17 se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.

Jan 5:30-47

30 Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman.

Jezi di lidè Jwif yo pi plis bagay toujou

31 Si m ap temwanye pou mwen menm sèlman, alò nou kapab panse sa m ap di de mwen menm yo pa verite a. 32 Men, gen yon lòt moun ki di menm bagay yo de mwen, epi mwen konnen temwanyaj li se verite a.

33 Nou te voye moun kote Janbatis, epi li menm tou te di nou verite a li te wè sou mwen. 34 Poutan, mwen pa vrèman bezwen yon lòt moun pou dakò avè m pou m bay prèv kilès mwen ye, men mwen fè nou sonje sa Janbatis te di nou, pou nou kapab rive sove. 35 Janbatis te tankou yon lanp ki limen epi k ap klere moun, epi nou te byen kontan rejwi nou nan limyè li pou yon ti tan.

36 Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre. 37 Papa a, Li menm ki te voye mwen, te bay prèv pou mwen. Men nou pa janm tande vwa li. Nou pa janm wè ak kisa li sanble. 38 Ansèyman Papa a pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan moun Papa a voye a. 39 Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen. 40 Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.

41 Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen. 42 Mwen konnen nou. Mwen konnen nou pa renmen Bondye. 43 Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm. 44 Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè? 45 Pa mete nan tèt nou se mwen ki pral kanpe devan Papa Bondye pou m akize nou. Se Moyiz k ap akize nou. Epi se li nou te panse ki t ap sove nou. 46 Si nou te kwè nan Moyiz vrèman, nou t ap kwè nan mwen, paske li ekri pou pale de mwen. 47 Men, nou pa kwè sa li te ekri. Konsa, nou pa kapab kwè sa m ap di.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International