Book of Common Prayer
Lanmou soti nan Bondye
7 Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye. 8 Moun ki pa genyen lanmou nan kè l pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou. 9 Men kijan Bondye te montre nou lanmou li: Bondye te voye yon sèl Pitit li a nan mond lan pou nou ka genyen lavi pa mwayen li menm. 10 Kounye a, kisa lanmou ye? Se pa nou ki te renmen Bondye an premye, men se li ki te tèlman renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li voye Pitit li pou li netwaye peche nou yo.
11 Zanmi m yo, si Bondye renmen nou konsa, enben nou menm tou, nou ta dwe renmen youn lòt. 12 Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen yonn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.
13 Men kijan nou ka konnen n ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan nou: Li te pataje Lespri li ak nou. 14 Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan. 15 Moun ki konfese Jezi se Pitit Bondye, Bondye ap viv nan li epi li menm tou l ap viv nan Bondye. 16 Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.
Moun ki vini soti nan syèl la
31 Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun. 32 Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li. 33 Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a. 34 Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a. 35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36 Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”
Copyright © 2017 by Bible League International