Book of Common Prayer
1 M ap salye w, mwen menm Pòl, yon sèvitè Bondye, yon apot Jezikris[a] voye. Travay mwen se pou m ede moun Bondye chwazi yo pou yo fè Bondye plis konfyans epi pou yo konprann ansèyman ki dwat sou Jezi. Ansèyman sa a pral ede yo viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè Bondye plezi. 2 Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti. 3 Lè bon moman an te rive, li te fè moun konnen Bòn Nouvèl sa a. Bondye Sovè nou an te ban mwen mesaj sa a epi li pase m lòd pou m fè tout moun konnen sa l di.
4 Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!
Travay Tit sou zile Krèt la
5 Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm: 6 Gade si w jwenn moun ki pa gen repitasyon moun ki nan sa ki mal, ki gen yon sèl madanm,[b] ki gen ti moun ki kwè epi ki pa gen dosye debòch ni dosye rebelyon. 7 Chak lidè[c] nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.
8 Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen. 9 Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.
10 Paske gen yon seri moun ki pa vle koute pèsòn, sitou pami kwayan Jwif yo. Y ap bay yon bann vye diskou ki pa chita sou anyen, y ap twonpe moun yo. 11 Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan. 12 Gen youn nan yo menm, pwòp pwofèt yo, moun Krèt, ki di konsa:
“Moun Krèt, toujou fò nan bay manti.
Yo pa miyò pase bèt mawon mechan.
Sèl sa yo konnen, se manje,
men yo pa janm vle travay.”
13 Sa l di a, se vre. Moun konsa, di yo seryezman yo bezwen chanje. Yon ekzòtasyon byen serye pral ede yo gen yon ki lafwa dwat. 14 Yo va sispann swiv istwa Jwif yo. Yo va sispann swiv prensip lèzòm bay yo tou, yon bann moun ki vire do bay verite a.
15 Tout bagay pwòp pou moun ki gen lespri yo pwòp. Men, anyen pa pwòp pou moun ki refize kwè. Okontrè, entelijans yo ansanm ak konsyans vin sal. 16 Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
1 Chè Teofil,
Anpil lòt moun te gentan eseye ekri plizyè dokiman sou tout sa k te pase nan mitan nou konsènan Jezikris. 2 Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye. 3 Mwen menm tou, m kwè li nòmal, poutèt mwen gentan fè yon bonjan rechèch sou bagay sa yo depi nan kòmansman, pou m ekri yon rapò byen detaye pou ou tou. 4 Mwen deside fè sa pou w ka rive kwè sa yo te anseye w yo se verite a.
Yon anj Bondye vin anonse nesans Janbatis
5 Nan epòk wa Ewòd t ap renye sou rejyon Jide a, te gen yon sakrifikatè yo te rele Zakari. Li te fè pati yon gwoup sakrifikatè Abija[a] t ap dirije. Madanm Zakari ki te rele Elizabèt te soti nan branch fanmi Arawon, frè Moyiz la. 6 Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo. 7 Yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit, epi yo te gentan granmoun anpil.
8 Lè lè a te rive pou gwoup Abija a te pran relèv pou sèvi nan tanp lan, Zakari te la pou ranpli wòl sakrifikatè li devan Bondye. 9 Sakrifikatè yo te fè tiraj osò tankou jan yo te toujou fè dapre koutim yo, epi yo te chwazi Zakari pou l te antre nan tanp Senyè a pou l al boule lansan an. 10 Pandan Zakari t ap boule lansan an anndan an, te gen yon gwo foul moun ki te rasanble deyò a ap lapriyè.
11 Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou Zakari. Zanj lan te kanpe sou bò dwat lotèl pou boule lansan an. 12 Lè Zakari wè anj lan, sa te twouble lespri li epi li te pè anpil. 13 Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan. 14 Ou pral gen lajwa ak kontantman nan kè w. Anpil lòt moun pral rejwi nan kè yo tou poutèt nesans li. 15 Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.
16 Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a. 17 Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.
18 Lè sa a, Zakari di anj lan konsa: “kijan m ap fè konnen si sa w di m nan se vre? Paske m se yon vye granmoun epi madanm mwen se yon vye granmoun tou.”
19 Zanj lan reponn li: “Mwen rele Gabriyèl, se nan prezans Senyè a menm mwen kanpe. Senyè a te voye m vin pale ak ou pou m te ka ba w bòn nouvèl sa a. 20 Men, fòk mwen di w sa tou wi, ou pral bèbè. Ou p ap ka pale jouk tan sa m sot di w la rive, poutèt ou pa t kwè nan pawòl mwen ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou li a.”
21 Moun yo menm ki te deyò a ap tann Zakari, yo te kòmanse kraponnen poutèt Zakari te pran tout tan sa a anndan tanp lan. 22 Lè Zakari te vin soti, li pa t kapab pale ak foul la. Lè sa a, yo vin reyalize li te resevwa yon vizyon anndan an. Se an siy sèlman li t ap kominike ak yo paske li te bèbè. 23 Lè peryòd li te desèvis la te vin fini, Zakari te retounen lakay li.
24 Kèk tan apre sa, Elizabèt madanm Zakari vin ansent. Li fè senk mwa kache anndan kay. Elizabèt di konsa: 25 “Finalman, Senyè a chwazi ede m nan fason sa a. Li sitèlman panche sou ka mwen, li leve kalite wont sa a pou mwen devan je pèp la.”
Copyright © 2017 by Bible League International