Book of Common Prayer
Mesaj Jezi voye bay legliz Lawodise a
14 Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:
15 Mwen konnen aksyon w yo. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w te frèt oubyen cho! 16 Konsa, poutèt se sèlman tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m ap vomi w krache voye jete. 17 Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni! 18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.
19 Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou! 20 Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.
21 Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a. 22 Se pou tout moun ki gen zòrèy, tande sa Sentespri voye di legliz yo!”
32 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 33 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 34 An verite m ap di nou: jenerasyon sa p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 35 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.
Sèl Papa a ki konnen ki lè bagay sa yo ap rive
(Mak 13:32,35; Lik 17:26-30,34-36)
36 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen.
37 Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. 38 Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. 39 Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale.
Se konsa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. 40 Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. 41 De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la.
42 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. 43 Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. 44 Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.
Copyright © 2017 by Bible League International