Book of Common Prayer
Ti mouton an louvri woulo liv la
6 Apre sa, m t ap gade, Ti Mouton an kase youn nan sèt sele yo. Lè sa a, m tande youn nan kat kreyati vivan yo pale byen fò tankou yon kout loray, li di, “vini!” 2 M voye je m, m wè devan m yon chwal blan. Kavalye a kenbe nan men l yon ache epi yo ba li yon kouwòn. Li pati sou chwal li pou l al ranpòte laviktwa.
3 Lè l kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: “Vini!” 4 Lè sa a, yon lòt chwal parèt, yon koulè wouj vif. Kavalye a resevwa pouvwa pou l retire lapè sou latè, pou l fè moun yo youn ap koupe tèt lòt, touye youn lòt. Yo ba li yon gran nepe.
5 Lè li kase twazyèm sele a, m tande twazyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Mwen gade epi m wè yon chwal nwa. Kavalye a te gen yon balans nan men l. 6 Epi m tande yon bagay menm jan ak yon vwa ki soti pami kat kreyati vivan yo. Vwa a di: “Yon mezi ble pou yon denye,[a] twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men pa touche lwil la ak diven an pou fè yo mal.”
7 Lè l kase katriyèm sele, mwen tande katriyèm kreyati vivan an di: “Vini!” 8 Lè sa a, m gade, m wè yon chwal koulè vèt pal. Kavalye a rele lanmò, epi plas pou resevwa mò yo t ap swiv li. Yo te bay kavalye a, ansanm ak plas pou resevwa mò yo, pouvwa sou yon ka nan latè, pou yo touye moun yo ak nepe, ak grangou, ak epidemi maladi epi ak tout kalite bèt sovaj.
9 Lè l kase senkyèm sele a, mwen wè, anba lotèl la, nanm moun yo te touye yo poutèt pawòl Bondye ak fidelite yo. 10 Yo t ap kriye byen fò pou di: “Senyè sen, Senyè toutbon vre, jis ki tan ou va fè n jistis, jis ki tan ou va vanje san nou sou tout moun ki rete sou latè?” 11 Lè sa a, yo chak te resevwa yon wòb blan epi yo di yo konsa: Tann yon ti tan ankò, jouktan kantite konpanyon nou yo ki dwe mouri a va fin mouri menm jan an tou.
12 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an kase sizyèm sele a. Epi li fè yon gwo gwo trannmantè. Solèy la vin tou nwa tankou yon twal nwa pwès, epi tout lalin nan vin tou wouj tankou san. 13 Zetwal yo t ap grennen tonbe soti nan syèl, menm jan ak lè yon gwo van sekwe yon pye fig, fig yo grennen tonbe a tè. 14 Syèl la te retire kò l, menm jan ak yon woulo liv yo woule pou fèmen l. Tout gwo mòn yo ak tout zile yo te deplase kote yo te ye.
15 Lè sa a, tout wa ki sou latè yo, tout dirijan yo, tout kòmandan lame yo, moun rich yo, moun ki gen puisans yo, tout esklav yo, moun lib yo, yo tout te kouri kache tèt yo nan twou wòch epi nan mitan gwo wòch ki nan mòn yo. 16 Yo t ap di mòn yo ak wòch yo: “Tonbe sou nou, kache nou devan fas moun ki chita sou twòn nan ak devan kolè Ti Mouton an! 17 Paske gwo jou kòlè yo a rive. Pa gen pèsòn ki ka kanpe devan yo.”
Pitit Lòm nan gen pou jije tout moun
31 Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li. 32 Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. 33 L ap mete mouton yo sou bò dwat li, l ap mete kabrit yo sou bò gòch li.
34 Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman. 35 Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou. 36 Lè m te touni nou te bann rad. Lè m te malad, nou te pran swen m. Lè m te nan prizon, nou te vizite m.
37 Lè sa a moun jis yo ap reponn: Senyè, ki lè nou te wè w grangou nou te ba w manje? Ki lè nou te wè w swaf, nou te ba w bwè? 38 Ki lè nou te wè w etranje nan lari, nou te resevwa w lakay nou? Ki lè nou te wè w touni nou te ba w rad? 39 Ki lè nou te wè w malad, nou te pran swen w? Ki lè nou te wè w nan prizon, nou te vizite w?
40 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l.
41 Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo. 42 Lè m te grangou nou pa t bann manje. Lè m te swaf, nou pa t bann bwè. 43 Lè m te etranje nan lari, nou pa t resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou pa t bann rad. Lè m te malad, nou pa t pran swen m. Lè m te nan prizon, nou pa t vizite m.
44 Lè sa a y ap reponn li: Senyè ki lè ou te grangou oswa swaf, oswa etranje nan lari, oswa touni, oswa nan prizon epi nou pa t ede w?
45 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l.
46 Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”
Copyright © 2017 by Bible League International