Book of Common Prayer
Pwomès la vini anvan lalwa
15 Frè m ak sè m yo, m ap ban nou yon egzanp nan bagay k ap pase chak jou nan lavi. Depi yon moun fin fè yon testaman, epi testaman sa a ratifye, pèsonn pa ka ni anile l, ni ajoute bagay ladan l. 16 Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris. 17 Men sa m vle di: Bondye te fè yon testaman, epi li te ratifye l. Katsantrantan apre sa, Bondye vin bay lalwa Moyiz la. Konsa, lalwa ki vin apre a, pa kapab anile testaman an pou pwomès la ta vin pa kenbe ankò.
18 Vrèman, si eritaj Bondye di l ap ban nou an se nan obsève lalwa n ap jwenn li, li pa yon pwomès ankò. Okontrè, Bondye te fè Abraram favè l dapre yon pwomès.
19 Alò, pou kisa Bondye te bay lalwa a? Bondye te ajoute l sou pwomès la pou nou te ka konnen lè nou peche. Lalwa te nesesè pou jouktan desandan Abraram nan te vini. Bondye te sèvi ak anj pou l bay Moyiz lalwa a, epi Moyiz te sèvi kòm medyatè pou bay pèp Bondye a lalwa a. 20 Men lè Bondye te bay pwomès la, pa gen medyatè, paske pa bezwen medyatè lè se yon sèl desandan ki genyen, Bondye se yon sèl, epi gen yon sèl desandan an.[a]
Bi Lalwa Moyiz la
21 Alò, èske sa vle di lalwa pa dakò ak pwomès Bondye te fè yo? Pa ditou! Paske, si lalwa Bondye te bay la te kapab bay moun lavi, se lalwa sa a ki t ap fè moun dwat devan Bondye. 22 Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris,[b] li menm ki fidèl.
Zakari fè lwanj pou Bondye
67 Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa:
68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
Li vin pote konkou bay pèp li a,
li vin libere yo.
69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70 Se sa menm li te pwomèt
pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71 Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72 Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73 Se sa menm li te pwomèt
gran papa nou Abraram,
74 yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75 nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
devan je li toutotan n ap viv.
76 Kanta pou ou menm, ti gason,
y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77 Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
nan resevwa padon pou peche yo.
78 Paske Bondye gen kè sansib,
l ap fè yon limyè[a] soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79 L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
L ap gide nou nan chemen lapè a.”
80 Ti gason an menm t ap grandi epi li te byen devlope nan lespri l. Li te rete nan dezè a jouktan lè a te rive pou l parèt an piblik pou l preche mesaj Bondye a devan pèp Izrayèl la.
Istwa branch fanmi Jezi yo
(Lik 3:23-38)
1 Men istwa branch fanmi Jezi, Mesi a.[a] Jezi soti nan branch fanmi David ak Abraram.
2 Abraram se te papa Izaak.
Izaak se te papa Jakòb.
Jakòb se te papa Jida ak lòt frè l yo.
3 Jida se te papa Perès ak Zara. (Tama se te manman yo.)
Perès se te papa Eswòm.
Eswòm se te papa Aram.
4 Aram se te papa Aminadab.
Aminadab se te papa Naason,
Naason se te papa Salmon.
5 Salmon se te papa Boaz. (Se Raab ki te manman li.)
Boaz se te papa Obèd. (Se Rit ki te manman li.)
Obèd se te papa Izayi.
6 Izayi se te papa wa David.
David se te papa Salomon. (Se madanm Ouri a ki te manman l.)
7 Salomon se te papa Wobowam.
Wobowam se te papa Abiya.
Abiya se te papa Aza.
8 Aza se te papa Jozafa.
Jozafa se te papa Joram.
Joram se te papa Ozyas.
9 Ozyas se te papa Jotam.
Jotam se te papa Akaz.
Akaz se te papa Ezekyas.
10 Ezekyas se te papa Manase.
Manase se te papa Amon.
Amon se te papa Jozyas.
11 Jozyas se te papa Jojakin[b] ak frè l yo ki t ap viv nan peryòd lè yo te depòte pèp la nan peyi Babilòn.
12 Apre yo fin egzile yo nan peyi Babilòn:
Jojakin te fè Salatyèl.[c]
Salatyèl se te papa Zowobabèl.
13 Zowobabèl se te papa Abiyoud.
Abiyoud se te papa Elyakim.
Elyakim se te papa Azò.
14 Azò se te papa Sadòk.
Sadòk se te papa Akim.
Akim se te papa Eliyoud.
15 Eliyoud se te papa Eleyaza.
Eleyaza se te papa Matan.
Matan se te papa Jakòb.
16 Jakòb se te papa Jozèf.
Jozèf te marye ak Mari,
Mari se te manman Jezi,
Sila a yo rele Kris la.
17 Konsa, sòti nan Abraram pou rive nan David, gen katòz jenerasyon papa ak pitit. Sòti nan David pou rive nan depòtasyon pèp la nan peyi Babilòn, gen yon lòt katòz jenerasyon. Sòti nan depòtasyon nan peyi Babilòn pou rive nan dat nesans Mesi a, gen yon lòt katòz jenerasyon.
Copyright © 2017 by Bible League International