Add parallel Print Page Options

Mizangad sou koz ki fè moun peche

(Mat 18:6-9; Lik 17:1-2)

42 “Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè. 43 Si se men w k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 44 [a] 45 Si pye w fè ou peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 46 [b] 47 Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l. Li pi bon pou ou pou w ta antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl je pase pou ou ta gen de je w epi w al nan lanfè, 48 kote vè pa janm mouri epi dife pa janm etenn.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:44 Kèk kopi an lang Grèk ajoute vèsè 44, 46 la ki menm bagay ak vèsè 48 la.
  2. 9:46 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 46 la ki menm bagay ak vèsè 48 la.