Book of Common Prayer
Gran foul la
9 Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. 10 Yo t ap rele byen fò, yo t ap di:
“Viktwa a se pou Bondye nou an li ye,
li menm ki chita sou twòn nan,
ansanm avèk Ti Mouton an.”
11 Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”
13 Lè sa a, youn nan granmoun yo mande m: Moun sa yo ki abiye ak wòb blan yo, ki moun yo ye? Kote yo soti?
14 M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo,[a] yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.
15 Se poutèt sa, moun sa yo devan twòn Bondye a. Y ap adore li nan tanp lan lajounen kou lannuit. Moun ki chita sou twòn nan ap ba yo pwoteksyon lakay li. 16 Yo p ap janm grangou ankò, yo p ap janm swaf ankò, solèy la p ap boule yo ankò, ata gwo chalè p ap frape yo. 17 Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.
Jezi voye swasanndouz mesye yo
10 Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz[a] lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale. 2 Li di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.
3 Nou mèt ale. Men, tande byen wi, m ap voye nou tankou ti mouton nan mitan bèt sovaj. 4 Pa pote bous. Pa pote sak pou pwovizyon osinon sandal derechany. Pa rete kanpe nan wout ap di moun bonjou nonplis. 5 Lè nou antre nan yon kay kèlkonk, premye bagay pou nou di se: Lapè Bondye sou kay sa a. 6 Si moun nan kay la se moun ki renmen lapè, alò lapè ap rete sou li. Men tou, si moun nan se pa moun ki renmen lapè, alò lapè a ap retounen pou ou. 7 Se pou nou rete nan kay moun ki renmen lapè a. Manje, bwè ansanm avèk yo tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite salè li. Pa plede ap pwonmennen rete nan plizyè kay.
8 Si nou antre nan yon vil epi moun yo byen resevwa nou, manje nenpòt manje yo ofri nou pou n manje. 9 Geri moun malad yo nan vil la, epi di tout moun yo: Wayòm Bondye a rive sou nou!
10 Men, si nou antre nan yon vil, yo pa resevwa nou, soti al kanpe nan mitan lari a epi di: 11 Ata pousyè lavil nou an ki te kole nan sandal nou, nou souke yo kont nou. Men, konnen byen wayòm Bondye a rive sou nou. 12 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa pase pou moun Sodòm.[b]
Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo
(Mat 11:20-24)
13 Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[c] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon[d] ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 14 Men nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon. 15 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann.
16 Nenpòt moun ki obeyi pawòl nou, se mwen menm li obeyi. Nenpòt moun ki rejte nou, se mwen menm li rejte. Nenpòt moun ki rejte m, se moun ki voye m nan li rejte.”
Copyright © 2017 by Bible League International