Book of Common Prayer
Senkyèm twonpèt la kòmanse premye malè a
9 Senkyèm anj lan sonnen twonpèt li a, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle twou san fon an. 2 Li louvri pòt twou san fon an, yon gwo lafimen soti ladan l, menm jan ak lafimen yon gwo boukan dife. Lè sa a, solèy la ak lè a, tout vin fè nwa ak lafimen ki soti nan twou san fon an.
3 Yon bann gwo krikèt vèt te soti nan lafimen an gaye toupatou. Yo te resevwa yon pouvwa menm jan ak eskòpyon yo. 4 Yo te resevwa lòd pou yo pa t fè okenn zèb sou latè mal, ni okenn plant, ni okenn pyebwa, sof moun ki pa t gen mak sa Bondye a sou fon yo. 5 Yo pa t gen pouvwa pou touye yo, men sèlman pou toumante yo pandan senk mwa: Toumant sa yo te bay la, se menm jan ak lè yon eskòpyon pike yon moun. 6 Nan jou sa yo, moun ap chache lanmò, men yo p ap jwenn li. Yo t ap byen vle mouri, men lanmò ap kouri lwen yo.
7 Krikèt vèt sa yo sanble ak cheval ki prepare pou fè lagè. Yo te gen yon seri kouwòn sou tèt yo ki sanble ak kouwòn an n ò, figi yo menm jan ak figi moun. 8 Cheve yo te menm jan ak cheve yon fi. Dan yo te menm jan ak dan lyon. 9 Lestomak yo sanble yon bagay ki kouvri ak yon plak an fè. Bri zèl yo se tankou bri yon bann chwal k ap mennen cha pou fè lagè. 10 Krikèt vèt sa yo gen ke yo ak yon pwent ladan yo pou pike, menm jan ak ke eskòpyon. Se ak ke yo, yo fè moun soufri pandan senk mwa. 11 Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon.[a] Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.[b]
12 Premye malè a pase. Apre sa, gen de lòt malè k ap vini.
Yon istwa konsènan yon bon Samariten
25 Apre sa, yon doktè Lalwa ki te vle pran Jezi nan pyèj leve kanpe epi li poze l kesyon sa a: “Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”
26 Jezi reponn li: “Ki sa ki ekri nan Liv Lalwa a? Ki sa ou wè l di?”
27 Doktè Lalwa a reponn: “Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout panse w;(A) epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”(B)
28 Lè sa a, Jezi di li: “Ou konnen ou byen reponn. Annik fè sa a epi ou ap gen lavi etènèl.”
29 Men, doktè Lalwa a ki te vle montre Jezi li bon deja, poze Jezi kesyon sa a: “Men, ki moun menm pou m konsidere kòm pwochen m?”
30 Lè sa a, Jezi reponn li: “Yon nonm te soti Jerizalèm l ap desann Jeriko. Pandan l sou wout la, yon kolonn vòlè atoufè tonbe sou li. Yo dechèpiye li, pran tout sa l te genyen, ata rad sou po do l. Yo bat li byen bat epi y al fè wout yo kite li atè a twaka mò.
31 Konsa, vin gen yon sakrifikatè k ap pase. Lè l wè nèg la, li pa kanpe pou ede l. Okontrè, li chankre kò l sou lòt bò chemen an, l ale fè wout li. 32 Apre sa, vin gen yon Levit ki vin ap pase tou. Lè l wè nonm nan, li chankre kò l sou lòt bò chemen an tou, l ale fè wout li.
33 Apre sa ankò, vin gen yon Samariten[a] k ap pase. Lè l wè nonm yo te dechèpiye a, kè l fè l mal anpil pou li. 34 Li pwoche kote li. Li vide lwil doliv ak diven sou kote li blese yo pou netwaye yo, epi li vlope yo ak twal. Apre sa, Samariten an ki te gen yon bourik, chaje nonm nan mete sou bourik la. Li mennen l nan yon otèl pou ba li plis swen. 35 Nan demen, Samariten an bay responsab otèl la kantite lajan ou te ka peye yon moun pou de jounen travay, epi li di l konsa: Pran swen malad sa a pou mwen. Sizoka ou ta depanse plis pou pran swen l, lè m retounen m ap remèt ou li.”
36 Apre sa, Jezi di doktè Lalwa a: “Dapre ou, ki lès nan twa mesye sa yo ki pwochen nonm ki te tonbe anba men atoufè yo?”
37 Doktè lalwa a reponn: “Nonm ki te gen kè sansib pou li a.”
Epi Jezi di li: “Ebyen, ale, montre kè sansib tou pou nenpòt moun ki nan bezwen.”
Copyright © 2017 by Bible League International