Book of Common Prayer
7 Lè sa a, te gen yon batay nan syèl la. Michèl[a] ak anj li yo t ap goumen ak dragon an, epi dragon an menm, ak anj pa l yo, t ap goumen kont yo. 8 Men yo pa t gen plis fòs, kon sa pa t gen plas pou yo nan syèl la ankò. 9 Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.
10 Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò:
“Kounye a, jou delivrans lan rive,
jou puisans Bondye a,
jou reny Bondye a
ansanm ak pouvwa Kris li a,
paske akizatè frè ak sè nou yo
ranvèse anba.
Se li menm ki te konn akize yo
devan Bondye lajounen kou lannuit.
11 Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an
ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo.
Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp
pou ta fè yo pè lanmò.
12 Syèl yo, se pou n rejwi nou
ansanm ak tout sa ki nan syèl yo!
Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a,
paske dyab la ranvèse tonbe sou nou.
Li move, li an kòlè,
paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”
13 Lè dragon an wè yo ranvèse l anba sou latè, li pran rapouswiv fi ki te akouche pitit gason an. 14 Men yo bay fi a de zèl gwo malfini an pou l ka vole pati ale nan dezè a, l al nan plas ki te prepare pou li a, byen lwen sèpan[b] an. Se la yo pran swen li pandan twa zan si mwa. 15 Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li vomi dlo tankou yon gwo larivyè dèyè fi a pou l te ka fini avè l. 16 Men, latè pote fi a sekou, li louvri bouch li, li anglouti gwo larivyè ki te soti nan bouch dragon an. 17 Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.
53 Lè Jezi kite kote l te ye a, Skrib yo ak Farizyen yo te kòmanse ap di move pawòl sou li. Yo te tonbe kwense l ak kesyon pou wè si fè l di yon pawòl ki pa sa. 54 Yo t ap chache mwayen pou tann pyèj pou li, pou yo ta akize ak pawòl ki soti nan bouch pa li.
Piga nou sanble ak Farizyen yo
12 Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou[a] moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat. 2 Pa gen anyen ou ka resi sere tèlman byen pou l pa janm parèt aklè. Pa gen anyen ou ka resi sere pou moun pa janm konnen li ditou. 3 Kidonk, tout sa ki di an prive pral di devan tout moun. Tout sa ou chichote nan zòrèy moun ankachèt, y ap pibliye l byen fò an piblik.”
Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun
(Mat 10:28-31)
4 Men sa m ap di nou, nou menm ki zanmi m: “Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a sèlman, men ki pa gen anyen li ka fè ankò apre sa. 5 M ap di nou kilès pou nou pè pito. Se pou nou pè Bondye pito, paske lè l fin touye kò a, li gen otorite tou pou voye l jete nan lanfè. Wi, se li menm pou nou pè pito.
6 Èske nou pa wè ti zwazo ap vann pou piyay, se senk (5) pou dis (10) kòb yo vann yo. Epoutan, Bondye pa bliye yo. 7 Bondye menm konnen konbyen cheve nou gen nan tèt nou. Nou pa bezwen pè anyen, paske nou gen plis valè lontan pase anpil ti zwazo.”
Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w
(Mat 10:32-33; 12:32; 10:19-20)
8 M ap di nou sa: “Nenpòt moun ki pa wont kanpe devan moun pou l di se moun pa m li ye, mwen p ap wont non plis pou m di se moun pa m li ye. M ap di sa menm devan anj Bondye yo. 9 Men, moun ki di devan moun li pa konnen m, m ap di m pa konnen l tou devan anj Bondye yo.
10 Nenpòt moun ki pale mal kont Pitit Lòm nan, li ka jwenn padon; men, yon moun ki pale mal kont Sentespri a, li p ap jwenn padon.
11 Lè y a mennen nou vin jije swa nan sinagòg la, swa devan chèf yo osinon otorite yo, nou pa bezwen bay tèt nou traka pou konnen kisa nou pral di, osinon kijan pou n defann tèt nou. 12 Paske Sentespri Bondye a ap la nan moman an pou anseye nou sa ki nesesè pou n di.”
Copyright © 2017 by Bible League International