Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 105 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Oze 5:8-6:6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 21:27-36

27 Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl. 28 Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.” 29 (Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.)

30 Tout moun nan vil la k te tande koze a te vin fache anpil epi yo t ap kouri sot nan tout direksyon vin nan Tanp lan. Yo mete men sou Pòl, yo trennen l soti deyò espas lakou Tanp lan kote ki sakre a, epi yo fèmen baryè yo tousuit. 31 Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba. 32 Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou.

33 Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” 34 Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. 35 Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. 36 Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!”

Lik 6:1-11

Jezi se mèt jou repo a

(Mat 12:1-8; Mak 2:23-28)

Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?”

Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”

Jezi geri yon nonm yon jou repo

(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)

Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou repo a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou repo a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?”

10 Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 11 Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International