Book of Common Prayer
De temwen yo
11 Apre sa, yo ban m yon baton ki fèt ak bwa wozo pou m mezire. Yo di m: “Al mezire tanp[a] Bondye a, ansanm ak lotèl la. Epi konte ki kantite moun k ap adore anndan l. 2 Men, kite lakou tanp lan, pa mezire l. Paske, yo kite l pou moun ki pa pou Bondye yo. Yo va montre pouvwa yo genyen sou Vil sent lan pandan 42 mwa. 3 M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”
4 De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè. 5 Si yon moun vle fè yo mal, yon dife ap soti nan bouch yo pou detwi lènmi yo. Wi, se kon sa moun ki vle fè yo mal dwe mouri. 6 Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.
7 Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. 8 Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a. 9 Moun tout nasyon, tout tribi, tout lang, tout peyi, va vini pou wè kadav yo pandan twa jou edmi. Moun yo p ap kite yo antere yo. 10 Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.
11 Men, apre twa jou edmi, Bondye soufle yon souf lavi sou yo ankò. Yo leve kanpe sou de pye yo. Lè sa a, tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12 Apre sa, de pwofèt yo tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di yo: “Monte isit!” Yo monte nan syèl, nan yon nyaj, devan je lènmi yo.
13 Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.
14 Dezyèm malè a pase. Men twazyèm malè a nan wout ap vini byen vit.
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)
14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa. 15 Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan,[a] chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”
16 Gen lòt menm ki te vle pran l nan pyèj. Yo mande l pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 17 Men, Jezi ki te konnen ki panse yo te gen nan tèt yo, li di yo konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 18 Menm jan an tou, si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize. Ki jan pou wayòm li fè kontinye kanpe? M di nou sa paske nou di se Bèlzebil ki banm puisans pou m chase denmon yo. 19 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 20 Men okontrè si se pouvwa Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye deja tabli pami nou.
21 Lè yon nonm vanyan byen ame ap veye kay li, tout byen l yo ki nan kay la an sekirite. 22 Men, sipoze yon lòt ki pi vanyan pase l vin atake l. Sa k pi vanyan an ap ranpòte laviktwa sou li. L ap pran zam li yo ki te garanti sekirite kay la, apre sa, l ap separe byen nonm nan jan l pi pito.
23 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.”[b]
Danje lè w rete vid
(Mat 12:43-45)
24 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” 25 Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje. 26 Lè sa a li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan.
Copyright © 2017 by Bible League International