Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 18 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jonas 3-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 27:27-44

27 Sa te gen tan fè katòz nuit depi nou t ap flote epi vire fè laviwonn sou lanmè Adryatik la. Men, nan mitan lannuit lan, maren yo te panse nou te prèt pou rive atè. 28 Yo mete yon gwo wòch nan yon kòd yo voye l nan dlo a pou wè pwofondè li. Yo jwenn dlo a te gen yon pwofondè 40 mèt.[a] Yo ale enpe pi lwen epi yo voye kòd la ankò, pwofondè a te 30 mèt.[b] 29 Maren yo te pè pou nou pa t frape sou kèk wòch. Lè sa a, yo jete kat lank nan lanmè, yo te swete epi yo t ap priye pou l jou byen vit. 30 Kèk nan maren yo te vle kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo a. Yo t ap fè sa pou fè moun kwè se lòt lank yo t ap jete nan devan bato a. 31 Men Pòl te di ofisye lame a ansanm ak lòt sòlda yo, “Si mesye sa yo pa rete nan bato a, p ap gen espwa lavi pou nou non.” 32 Konsa, sòlda yo koupe kòd yo epi yo kite kannòt sekou a tonbe nan dlo.

33 Pandan y ap tann li jou, Pòl envite mesye yo pou yo manje, li di yo konsa: “Mesye, jodi a fè katòz jou depi n ap tann epi n ap veye san manje, san nou pa pran anyen. 34 M ap ankouraje nou pou nou manje, nou bezwen manje pou kò nou kapab kenbe. De tout fason, nou p ap pèdi anyen, pa menm yon fil cheve nan tèt nou.” 35 Lè Pòl fin di sa, Pòl pran pen an, li remèsye Bondye devan tout moun epi li pran yon moso pen li manje. 36 Rès mesye yo te vin santi yo pi byen epi yo te pran manje tou. 37 Nou te 276 moun kon sa sou bato a. 38 Nou te manje valè pen nou te vle. Lè sa a, nou te jete kèk lòt danre nan lanmè a, pou nou te vin fè bato a pi lejè toujou.

Bato kraze nèt

39 Lè l vin jou, maren yo te wè tè, men yo pa t konnen sou tè ki kote yo te rive. Yo wè yon bè ak yon plaj, yo t ap wè si yo te kapab mennen bato a atè. 40 Poutèt sa, yo detache lank yo voye ale nan lanmè a. Nan menm moman an, yo lage kòd ki te kenbe gouvènay la epi yo mete yon vwal sou devan bato a. Lè sa a, van an pouse yo rive sou plaj la. 41 Men devan bato a al antre nan yon ban sab, yo pa t kapab soti, epi vag lanmè a te vin vyolan, li kraze dèyè bato a.

42 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou yo pa t naje pati chape poul yo. 43 Men ofisye women an te vle sove Pòl, li anpeche sòlda yo fè sa yo te vle fè a. Li mande pou moun ki te konn naje voye kò yo nan dlo an premye pou al atè. 44 Lòt yo te dwe kenbe kò yo sou planch oubyen sou vye moso nan bato a pou swiv yo. Se kon sa tout moun te rive atè san anyen mal pa t rive yo.

Lik 9:18-27

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mat 16:13-19; Mak 8:27-29)

18 Yon lè, pandan Jezi t ap priye poukont li, tout apot li yo vin rasanble kote l. Li pwofite poze yo kesyon sa a: “Ki moun foul la di mwen ye?”

19 Yo reponn li: “Anpil moun di ou se Janbatis. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt menm ki di ou se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite.”

20 Lè sa a Jezi di yo: “E nou menm, ki moun nou di mwen ye?”

Pyè reponn, li di: “Ou se Kris Bondye voye a.”

21 Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn moun sa.

Jezi di li gen pou l mouri

(Mat 16:21-28; Mak 8:31–9:1)

22 Apre sa Jezi di: “Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.”

23 Epi li kontinye di yo tout: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 24 Paske moun ki ta vle sove lavi li, va pèdi l; men moun ki pèdi lavi li pou mwen, se moun sa k ap sove lavi li. 25 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 26 Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo. 27 Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International