Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 7 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Miche 7:1-7' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 26:1-23

Pòl defann tèt li devan Wa Agripa

26 Agripa di Pòl konsa: “Ou mèt pale kounye a pou defann tèt ou.” Pòl lonje men l pou atire atansyon foul la, epi li kòmanse pale. Li di: “Wa Agripa, se avèk anpil kè kontan m ap pran lapawòl jodi a, pou m defann tèt mwen devan w kont tout akizasyon Jwif yo ap plede pote kont mwen yo. Mwen kontan, paske ou menm ou gen anpil konesans sou koutim Jwif yo ansanm ak tout bann kesyon yo renmen diskite yo. Silvouplè, pran yon ti pasyans pou tande m.

Tout Jwif yo konnen temwanyaj lavi m. Yo konnen trè byen fason m te toujou viv nan mitan pèp mwen an depi nan kòmansman ak ki fason m viv nan Jerizalèm. Jwif sa yo konnen m depi lontan, si yo vle yo ka di w, mwen te yon bon Farizyen. Tout moun konnen Farizyen yo obeyi lalwa relijyon Jwif yo pi byen pase nenpòt lòt gwoup. Jodi a m kanpe nan tribinal poutèt mwen gen espwa nan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Se menm pwomès sa a tout douz tribi yo nan pèp nou an espere resevwa. Se pou pwomès sa a Jwif yo sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Wa Agripa, se pou menm pwomès sa a Jwif yo ap akize m. Poukisa nou kwè li enposib pou Bondye resisite moun ki mouri yo?

Te gen yon lè, mwen menm tou, m te kwè m dwe fè tout sa m kapab pou m fè opozisyon kont non Jezi, nonm Nazarèt la. 10 E se sa menm mwen te chache fè nan vil Jerizalèm. Mwen te resevwa otorite nan men chèf prèt yo pou m mete anpil moun nan pèp Bondye a nan prizon. Lè yo te konn ap touye yo, m te konn bay aval mwen paske m te dakò. 11 M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo.

Pòl pale de konvèsyon li a Jezi

12 Yon lè, chèf prèt yo te banm pouvwa ak otorite pou m al nan vil Damas. 13 Pandan m te nan wout m prale, bò midi konsa, m wè yon gwo limyè klere nan syèl la, pi klere pase solèy la. Limyè a klere toutotou m ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè m yo. 14 Nou tout sot tonbe atè. Lè sa a, mwen tande yon vwa ki di m nan lang Ebre: Sòl, Sòl, pou kisa ou ap pèsekite m? Se tèt ou w ap fè mal lè w ap batay avè m konsa.

15 Mwen di: Ki moun ou ye, Senyè?

Senyè a di: Mwen se Jezi. Se mwen ou ap pèsekite a. 16 Kounye a, leve kampe! Mwen chwazi w pou sèvi m. Ou ap sèvi m temwen pou w pale ak moun de mwen, pou w pale sou sa ou wè jodi a ak sa m va montre w ankò. Se pou tèt sa m chwazi w. 17 M ap voye w kote moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif yo epi m ap pwoteje w devan yo. 18 Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.”

Pòl ap rakonte travay l ap fè

19 Pòl kontinye pale: “Wa Agripa, apre m fin wè yon vizyon kon sa ki sot nan syèl la, mwen obeyi. 20 Mwen kòmanse di moun yo pou yo chanje jan y a viv la, epi pou you vin jwenn Bondye. Mwen di yo pou yo viv yon fason ki montre lavi yo chanje. Premyèman, mwen pale ak moun lavil Damas. Apre sa, m ale Jerizalèm, toupatou nan Jide epi mwen pale ak tout moun sa yo. Mwen al pale ak moun ki pa Jwif yo tou.

21 Se poutèt sa Jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan epi yo te vle touye m. 22 Men Bondye te pote m sekou, jouk jodi a li kontinye ap ede m. Bondye soutni m epi li fè m kanpe jodi a pou rakonte tout moun sa m te wè. Mwen sèlman di sa Moyiz ansanm ak pwofèt yo te di ki te genyen pou rive.” 23 Yo te di Mesi a te gen pou l mouri epi li t ap premye moun k ap resisite. Yo te di li t ap pote limyè delivrans[a] pou moun ki pa Jwif yo.

Lik 8:26-39

Jezi delivre yon nonm anba move lespri

(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)

26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[a] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.

28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale kon sa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.

30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”

Li reponn: “Lejyon.”[b] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan. 31 Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.[c] 32 Te gen yon latriye kochon ki t ap manje sou mòn nan. Denmon yo soupriye Jezi pou l ba yo pèmisyon antre nan kochon sa yo. Jezi te ba yo pèmisyon. 33 Denmon yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba.

34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri. 37 Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil.

Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile. 38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”

Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International