Book of Common Prayer
Setyèm sele a
8 Ti Mouton an kase setyèm sele a. Lè sa a, te gen yon gwo silans nan syèl la, sa te pran demièdtan anviwon. 2 Epi m wè sèt anj yo ki te kanpe bò kote Bondye a. Yo ba yo sèt twonpèt.
3 Te gen yon lòt anj ki te vini, li te kanpe bò lotèl la. Li te gen yon ansanswa nan men l. Yo te ba li yon pil lansan pou l fè ofrann pou akonpanye rekèt priyè moun ki apa pou Bondye yo. Anj lan depoze ofrann nan sou lotèl an ò a ki devan twòn nan. 4 Lafimen lansan an, ki te soti nan men anj lan, ak lapriyè moun ki sen yo te monte ale devan Bondye. 5 Epi, anj lan pran pèl la, li plen l ak dife soti sou lotèl la, li voye l sou latè. Lè sa a, sa te fè yon seri gwo kout loray, anpil bri vwa, anpil kout zeklè ak yon trannmantè.
Premye twonpèt la sonnen
6 Lè sa a, sèt anj ki te gen sèt twonpèt yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo.
7 Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.
8 Dezyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon bagay ki sanble ak gwo mòn dife tonbe nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a tounen san. 9 Yon tyè nan bèt k ap viv nan lanmè a mouri epi yon tyè nan bato yo detwi.
10 Twazyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon gwo zetwal tonbe sot nan syèl la, li limen tankou yon gwo flanbo dife. Li tonbe sou yon tyè nan flèv yo ak sou sous dlo yo. 11 Non zetwal la se te “Pwazon anmè”. Yon tyè nan dlo yo vin anmè, epi anpil moun mouri paske dlo yo te anpwazonnen.
12 Katriyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, yon tyè nan zetwal yo, yo tout te frape. Sa fè jounen an ak lannuit lan te vin pèdi yon tyè nan klète yo.
13 M te kontinye ap gade epi m tande yon malfini ki t ap vole anwo nan syèl la. Li t ap rele byen fò, li t ap di: “Malè! Malè! Gade tray non pou moun k ap viv sou latè! Pi gwo malè a gen pou rive lè twa lòt twonpèt yo va sonnen.”
Satan tonbe
17 Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.”
18 Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè. 19 Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou. 20 Piga nou fè twòp chèlbè[a] poutèt nou wè move lespri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan kaye syèl la.”
Jezi priye Papa a
(Mat 11:25-27; 13:16-17)
21 Nan menm moman an tou, Sentespri a te fè Jezi santi l kontan anpil, epi Jezi di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante gran choz. Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.”
22 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
23 Apre sa, Jezi vire gade disip li yo etan yo te apa ak li, li di yo: “Benediksyon pou nou menm ki gen chans wè sa n ap wè a. 24 Paske m ap di nou sa, anpil pwofèt ak anpil wa te vle wè sa n ap wè a, men yo pa t wè yo. Yo te vle tande sa n ap tande yo, men yo pa t tande yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International