Book of Common Prayer
15 Nou se moun entèlijan. Jije sa m di a pou n wè si m pa pale verite a. 16 Nou di Bondye mèsi pou koup benediksyon an.[a] Lè nou bwè ladan l, li mete nou an kominyon ak san Kris la, pa vre? Pen an nou pataje a, li mete nou an kominyon ak kò kris la, pa vre? 17 Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.
18 Konsidere pèp Izrayèl la: lè yo manje vyann bèt ki ofri sou lotèl la kòm sakrifis, yo vin an kominyon ak lotèl la, pa vre? 19 Kounye a èske m vle di zidòl oswa vyann yo sakrifye bay zidòl gen valè? Non! 20 Men sa m vle di an reyalite: sakrifis bèt yo se pou denmon yo ye, se pa pou Bondye. Donk, mwen pa vle pou nou an kominyon avèk denmon. 21 Nou pa ka ap bwè jodi a nan koup Senyè a epi demen nan koup denmon yo. Nou pa ka ap patisipe nan repa Senyè a epi pou n ap patisipe nan repa denmon yo tou. 22 Èske se jalouzi[b] nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?
Fè tout sa n ap fè pou glwa Bondye
23 Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi. 24 Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito.
Korije moun ki fè sa ki mal
(Lik 17:3)
15 Si yon frè fè w[a] yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. 16 Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.[b] 17 Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon.
18 Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.[c] 19 M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. 20 Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International