Book of Common Prayer
9 Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou. 10 Nou fou pou Kris, men ou panse w saj nan Kris. Nou fèb, men ou santi w tèlman fò. Yo ba w anpil respè, men nou menm yo meprize nou. 11 Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote. 12 N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte. 13 Lè moun pale nou mal, nou reponn ak dousè. Poutan jouk jodi a yo konsidere nou tankou dechè, tankou fatra nan mond la y ap bale jete.
14 Mwen p ap ekri nou pou m fè nou wont, men m vle ede nou chanje fason n ap panse, tankou pitit mwen renmen anpil. 15 Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou. 16 Konsa m ap sipliye nou pou nou swiv egzanp mwen!
Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif
(Mak 7:24-30)
21 Jezi kite zòn kote l te ye a pou l ale nan zòn Tir ak Sidon. 22 Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”
23 Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”
24 Jezi reponn yo: “Misyon m limite. Bondye voye m sèlman pou moun pèp Izrayèl yo ki tankou mouton ki pèdi patiray.”
25 Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!”
26 Jezi reponn li: “Li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen!”
27 Dam lan reponn: “Senyè, ou gen rezon! Men, chyen yo ki anba tab la, konn manje ti moso manje ti moun yo ki tonbe atè sot sou tab mèt yo.”
28 Jezi di dam nan: “Madanm, ou gen yon lafwa ki san parèy! Se pou sa w mande a rive jan w swete l la!” Menm lè a, pitit fi dam nan te geri.
Copyright © 2017 by Bible League International