Ebre 10:14-22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.
15 Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:
16 “SENYÈ a di se pwomès sa a[a] m ap fè
avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo.
M ap mete prensip mwen yo nan kè yo.
M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”(A)
17 Apre sa, li di:
“M ap pase yon trè sou peche yo.
M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.”(B)
18 Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.
Pwoche bò kote Bondye
19 Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a. 20 Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la. 21 Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a. 22 Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.
Read full chapterFootnotes
- 10:16 pwomès sa a Sa vle di kontra ki nouvo epi ki pi bon an Bondye te bay pèp li a pa mwayen Jezikris. Gade Kontra nan Lis Mo yo.
Copyright © 2017 by Bible League International