Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Jan 11:47-53)
22 Lè a te prèske rive pou Jwif yo te fete fèt pen san ledven an, sa yo rele fèt Delivrans la. 2 Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.
Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo
(Mat 26:14-16; Mak 14:10-11)
3 Youn nan douz (12) disip Jezi yo te rele Jida Iskaryòt. Satan antre nan Jida Iskaryòt, 4 epi Jida al pale ak chèf prèt yo ansanm ak chèf gad ki t ap veye tanp lan sou fason li ta ka ede yo arete Jezi. 5 Mesye yo te kontan anpil pou sa Jida te di yo a, epi yo te pwomèt li y ap peye l si l fè sa pou yo. 6 Jida te dakò epi depi lè a li t ap veye yon okazyon lè foul la pa la pou l ede mesye yo arete Jezi.
Repa fèt Pak la
(Mat 26:17-25; Mak 14:12-21; Jan 13:21-30)
7 Jou fèt pen san ledven an vin rive. Se nan jou sa a pou, nan chak fanmi, Jwif yo te touye ti mouton yo pou fèt Delivrans lan. 8 Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”
9 Pyè ak Jan reponn li: “Ki kote ou ta renmen nou prepare manje a?”
10 Jezi reponn yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, n ap kontre ak yon mesye k ap pote yon krich dlo. Swiv mesye a jouktan li rive nan kay kote l va antre a. 11 Pale ak mèt kay la, di l konsa: Mèt la voye di w pou montre nou chanm kote li ka manje repa fèt Pak la ak disip li yo. 12 Lè sa a, mèt kay la ap montre nou yon gwo chanm anlè a ki byen meble. Se la n a pare manje Pak la.”
13 Pyè ak Jan ale, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a, epi yo prepare manje Pak la.
Copyright © 2017 by Bible League International