Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Yo arete apot yo
17 Lè pi gran sakrifikatè a ansanm ak kolonn patizan l yo, nou vle pale de Sadiseyen yo, wè sa apot yo t ap fè yo, yo vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo. 18 Yo fè arete apot yo epi mete yo nan prizon. 19 Yon anj Bondye vini nan mitan lannuit, li louvri pòt prizon an, li kondui apot yo soti deyò epi li di yo: 20 “Retounen al kanpe nan mitan Tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan yo dwe viv kounye a nan nouvo lavi sa a.” 21 Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo.
22 Lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn Apot yo. Yo tounen nan reyinyon an vin rapòte sa k pase a. 23 Men sa yo di konsèy la: “Tout pòt prizon an te byen fèmen ak kle. Gad yo te byen poste devan pòt prizon jan sa dwe fèt. Men, lè nou louvri pòt prizon an, li te vid, nou pa jwenn pèsonn anndan l.” 24 Lè kòmandan lagad tanp lan ansanm ak sakrifikatè an chèf la tande pawòl sa yo, yo tonbe nan konfizyon. Yo poze tèt yo kesyon sou sa k pase a.
25 Apre sa, yon moun vin di yo konsa: “Men m wè mesye yo nou te met nan prizon an kanpe nan Tanp lan ap anseye pèp la wi.” 26 Kòmandan lagad la ansanm ak mesye l yo soti al chache apot yo, yo pa t fè vyolans sou yo, paske yo te pè pou pèp la pa t kalonnen yo ak kout wòch.
Copyright © 2017 by Bible League International