Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun
(Mat 10:28-31)
4 Men sa m ap di nou, nou menm ki zanmi m: “Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a sèlman, men ki pa gen anyen li ka fè ankò apre sa. 5 M ap di nou kilès pou nou pè pito. Se pou nou pè Bondye pito, paske lè l fin touye kò a, li gen otorite tou pou voye l jete nan lanfè. Wi, se li menm pou nou pè pito.
6 Èske nou pa wè ti zwazo ap vann pou piyay, se senk (5) pou dis (10) kòb yo vann yo. Epoutan, Bondye pa bliye yo. 7 Bondye menm konnen konbyen cheve nou gen nan tèt nou. Nou pa bezwen pè anyen, paske nou gen plis valè lontan pase anpil ti zwazo.”
Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w
(Mat 10:32-33; 12:32; 10:19-20)
8 M ap di nou sa: “Nenpòt moun ki pa wont kanpe devan moun pou l di se moun pa m li ye, mwen p ap wont non plis pou m di se moun pa m li ye. M ap di sa menm devan anj Bondye yo. 9 Men, moun ki di devan moun li pa konnen m, m ap di m pa konnen l tou devan anj Bondye yo.
10 Nenpòt moun ki pale mal kont Pitit Lòm nan, li ka jwenn padon; men, yon moun ki pale mal kont Sentespri a, li p ap jwenn padon.
11 Lè y a mennen nou vin jije swa nan sinagòg la, swa devan chèf yo osinon otorite yo, nou pa bezwen bay tèt nou traka pou konnen kisa nou pral di, osinon kijan pou n defann tèt nou. 12 Paske Sentespri Bondye a ap la nan moman an pou anseye nou sa ki nesesè pou n di.”
Copyright © 2017 by Bible League International