Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 20 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jij 9:7-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Jan 2:18-28

Pa swiv lènmi Kris yo

18 Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an. 19 Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.

20 Pou nou menm, nou te resevwa kado[a] Sentespri a[b] te ban nou an, konsa nou tout gen konesans verite a. 21 Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a.

22 Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la.[c] Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la. 23 Nenpòt moun ki pa kwè nan pitit la, li pa genyen Papa a non plis; sila a ki kwè nan Pitit la, li genyen Papa a tou.

24 Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou. 25 Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.

26 M ap ekri nou lèt sa a konsènan moun k ap twonpe nou yo. 27 Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.

28 Wi, pitit byeneme mwen yo, kontinye viv nan li. Si nou fè sa, nou p ap gen okenn perèz pou jou Pitit la va retounen. Nou p ap gen bezwen pou al kache, epi tou nou p ap wont lè l va vini.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International