Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 43:16-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 126 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Filipyen 3:4-14

Poutan, m ta gen anpil rezon pou m ta mete konfyans mwen nan tèt mwen. Si yon moun kwè li gen rezon pou l kwè nan tèt li, enben mwen gen plis rezon pase l toujou. Se sou 8 jou, apre m fin fèt, mwen te sikonsi. Mwen soti nan ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se yon bon Jwif, ata paran m se Jwif. Kanta pou Lalwa menm, mwen se yon Farizyen. Kanta zèl pou relijyon Jwif la,[a] mwen se moun ki te konn pèsekite legliz Kris la. Kanta pou sa Lalwa di ki dwat, pa gen moun ki ka jwenn fot nan mwen.

Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris. Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris. Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris.[b] Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la. 10 Tou sa mwen vle, se konnen Kris la epi rive fè esperyans kalite pouvwa ki fè l resisite a. Mwen ta vle patisipe nan soufrans li epi rive sanble ak li menm nan lanmò li. 11 Alò, m gen espwa m va resisite tou, menm jan li menm li te resisite.

Fè jefò pou nou atenn objektif la

12 Se pa paske mwen vle di mwen gentan rive nan yon pwen kote mwen bon nèt. Mwen toujou ap travay pou m ka rive. Se sa Kris la vle m fè. 13 Frè m ak sè m yo, m pa konsidere mwen gentan rive deja. Men gen yon bagay mwen fè: Mwen bliye sa ki dèyè m epi m ap vanse pou m atenn objektif la. 14 Mwen kontinye ap kouri pou m ka rive resevwa rekonpans Bondye pwomèt nan Kris la, anwo nan syèl la.

Jan 12:1-8

Yon dam fè lwanj pou Jezi

(Mat 26:6-13; Mak 14:3-9)

12 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete. Yo te fè bèl fèt pou li la, Mat t ap fè sèvi manje, epi Laza te la ak envite yo ap manje ak Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy losyon san melanj ki koute chè anpil, plis pase yon lit konsa, li mouye pye Jezi ak losyon an epi li siye yo ak cheve l. Lè sa a, tout kay la te vin gen lodè losyon an.

Jida Iskaryòt, youn nan disip yo, ki t apral trayi Jezi a, te di disip yo konsa: Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye,[a] nou ta bay pòv yo kòb sa a? Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.

Lè sa a, Jezi di: “Kite l trankil, se yon ekonomi l ap fè pou jou antèman m. Pou pòv yo, n ap toujou genyen yo ak nou,[b] men mwen menm, mwen p ap la pou tout tan ak nou.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International