Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 31:9-16' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 54:9-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 2:10-18

10 Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay[a] nan li. Konsa, li ka sove anpil moun.

11 Konsa, Jezi ki fè moun vin sen an, ansanm ak moun ki vin sen yo, yo tout soti nan menm fanmi lan. Se sa k fè Jezi pa wont pou l rele yo frè ak sè li. 12 Li di:

“Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo.
    M ap chante louwanj ou devan tout moun.”[b]

13 Li di ankò:

“M ap mete konfyans mwen nan Bondye.”[c]

Epi li di:

“Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.”[d]

14 Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, konsa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a. 15 Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò. 16 Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini. 17 Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la. 18 Wi, poutèt Jezi te sibi soufrans ak tantasyon, li ka pote sekou bay sila yo k ap sibi tantasyon.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International