Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs[a] la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a. 10 Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt. 11 Vwa a te di konsa: “Sa ou wè a, ekri l nan yon liv pou voye l bay sèt egliz yo: Efèz, Esmin, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi epi Lawodise.”
12 Mwen vire pou m wè vwa a ki t ap pale avè m nan. Lè m vire, mwen wè sèt chandelye an ò. 13 Epi, nan mitan chandelye yo, mwen wè tankou se yon moun. Li te gen yon wòb tou long sou li ak sentiwon an ò boukle sou pwatrin li. 14 Tèt li ak cheve li te tou blan. Yo te sanble ak yon lenn blan, menm jan ak lanèj. Epi je li te tankou yon flanm dife tou wouj. 15 Pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil. Vwa li te tankou bri vwa gwo dlo k ap desann. 16 Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.
17 Lè m wè l, mwen tonbe nan pye l, menm jan ak yon moun mouri. Li poze men dwat li sou mwen epi li di: “Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki premye a, se mwen menm ki dènye a. 18 Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a. 19 Alò, ekri sa ou wè, sa k ap pase kounye a, epi sa k ap rive apre sa. 20 Men ki sans kache sèt zetwal yo ou wè nan men dwat mwen yo genyen, oubyen sèt lanp yo: Sèt zetwal yo se zanj sèt egliz yo epi sèt lanp yo se sèt egliz yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International