Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jòb 14:1-14' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Plenn 3:1-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Plenn 3:19-24' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 31:1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 31:15-16' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Pyè 4:1-8

Lavi nou transfòme

Menm jan Kris te soufri poutèt sa moun te fè l, nou menm tou, pare pou n soufri. Paske yon moun ki aksepte soufrans nan lavi sa a fini ak peche. Se sa ki pral fè, depi kounye a, nan rès tan ki rete pou n viv la, pa swiv move dezi lèzòm sou latè men viv pou n swiv volonte Bondye pito. Nan tan lontan, nou te gaspiye twòp tan nan mennen yon kalite lavi ki sanble ak sa moun ki pa konnen Bondye yo ap viv. Nou te konn viv nan libètinay, nan pote lanvi sou sa lòt moun genyen, nan bwè tafya, nan banbòch ak nan sèvi zidòl.

Kounye a, moun sa yo wè sa dwòl paske nou pa mele avèk yo nan vye lavi y ap mennen an ak nan bagay sal y ap fè yo. Se sa k fè y ap pale nou mal. Men y ap gen pou yo rann Bondye kont pou sa yo te fè. Bondye pare pou l jije moun ki vivan ak moun ki mouri yo. Se sa ki fè yo te tande Levanjil anvan yo mouri. Moun te kritike yo lè yo t ap viv sou latè. Men se te plan Bondye pou yo te tande Levanjil la preche pou yo te ka genyen yon lavi tou nèf granmesi Lespri Bondye a.[a]

Jere don Bondye ban nou yo byen

Tout bagay prèt pou fini nan lemonn. Kidonk, fòk nou gen tèt nou an plas epi veye pou n pa fè okenn neglijans nan lapriyè. Sa k pi enpòtan nan tout sa, se pou nou youn renmen lòt anpil, paske lanmou fè nou jwenn padon pou anpil peche.

Matye 27:57-66

Yo antere Jezi

(Mak 15:42-47; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)

57 Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini 58 bò kote Pilat pou l mande pou yo ba li kò Jezi. Pilat pase sòlda yo lòd pou yo remèt li kò a. 59 Jozèf pran kò a, li vlope l ak yon dra len fen, 60 epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li. 61 Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te ret chita devan kavo a.

Yo met sòlda veye kavo a

62 Nan demen, apre jou yo rele Jou Preparasyon an, chèf prèt yo ak Farizyen, te fè yon ti rankont ak Pilat. 63 Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou. 64 Konsa n ap mande w pou pase sòlda yo lòd, pou yo byen veye kavo a pandan twa jou. Konsa, disip li yo pa t ka vin vòlè kò epi fè moun kwè mèt yo resisite. Dènye magouy sa a t ap pi rèd pase premye a.”

65 Pilat di yo: “Pran kèk sòlda, al bay kavo a tout sekirite ki nesesè.” 66 Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.

Jan 19:38-42

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56)

38 Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, konsa Jozèf vin pran kò a.

39 Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram[a] konsa. 40 Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. 41 Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. 42 Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou saba a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International