Book of Common Prayer
15 Se pou nou tout ki vin byen devlope nan Kris la panse konsa. Si nou pa wè l konsa, Bondye va fè sa klè pou nou. 16 Sèlman, an nou kontinye ale ansanm sou menm chemen sa a.
17 Frè m ak sè m yo, mete tèt nou ansanm ak lòt yo pou n swiv egzanp mwen. Menm jan an tou, gade byen sou moun k ap viv selon modèl ki nan nou menm nan. 18 Paske, jan mwen te di sa plizyè fwa deja, epi kounye a se ak dlo nan je m m ap di l ankò. Gen anpil moun k ap viv tankou lènmi kwa Kris la. 19 Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè. 20 Men nou menm, se moun syèl la nou ye. Se la Jezikris Senyè a, Sovè n ap tann nan ap soti. 21 Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.
Jezi ap pale sou lanmò ak lavi
20 Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la. 21 Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” 22 Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.
23 Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li. 24 An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil. 25 Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite. 26 Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.
Copyright © 2017 by Bible League International