Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 101 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 109:1-30' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 119:121-144' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 18:1-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 8:1-11

Lavi nan Sentespri a

Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikris yo. Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w[a] anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikris. Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a. Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.

Moun k ap mache dapre feblès yo, yo panse sèlman ak sa yo vle. Men moun k ap mache anba kontwòl Sentespri a, yo panse selon volonte Sentespri a. Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran. Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye. Moun ki anba kontwòl feblès lachè yo, yo pa ka fè Bondye plezi.

Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la. 10 Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche. 11 Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.

Jan 6:27-40

27 Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”

28 Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?”

29 Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”

30 Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? 31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”(A)

32 Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33 Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”

34 Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.”

35 Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò. 36 Mwen te di nou sa a epi nou wè sa mwen ka fè,[a] men nou toujou pa kwè mwen. 37 Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo. 38 Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle. 39 Men sa Papa a ki voye m nan vle m fè: Li pa vle m pèdi pèsonn nan sa l te ban mwen yo. Non! Nan dènye jou a, m ap gen pou m resisite yo. 40 Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International