Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 89 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 16:10-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 7:1-12

Yon egzanp nou jwenn nan maryaj

Frè m ak sè m yo, m sèten nou konnen, Lalwa gen pouvwa sou yon moun toutotan moun nan vivan. Se menm bagay la pou yon fi ki marye: Fi a dwe rete marye ak mari l toutotan l vivan. Men si mari a mouri, fi a libere anba lalwa sou maryaj la. Si l al marye ak yon lòt gason pandan mari l toujou vivan, li komèt adiltè. Men si mari l mouri, li pa anba lalwa maryaj la ankò. Li pa komèt adiltè si l marye ak yon lòt gason.

Frè m ak sè m yo, se menm bagay pou nou tou. Nou se moun mouri, pou sa ki konsène Lalwa, pa mwayen kò Kris la, pou n ka tounen yon lòt moun. An reyalite, kounye a, nou se moun Jezikris ki te resisite a, se sa k fè nou ka dekouvri sa ki fè Bondye plezi. Nan tan pase, nou te anba pouvwa feblès lachè, paske Lalwa te fè nou anvi fè sa ki mal. Dezi peche te kontwole kò nou. Poutèt sa, nou t ap poze aksyon ki mennen nou nan lanmò. Kounye a, nou libere anba Lalwa, paske nou mouri pa rapò ak sa ki te kenbe nou prizonye a. Kounye a, nou kapab sèvi Bondye yon lòt fason, anba kontwòl Sentespri a, nou ka sèvi l yon fason ki pa menm ak jan nou te konn fè l lontan an, ak anpil lwa ki ekri.

Kòman peche sèvi ak lalwa

Ki sa nou ta panse m vle di? Lalwa ak peche se menm bagay? Se pa sa ditou! Men se Lalwa ki fè m konnen sa peche ye. M pa t ap janm konnen li pa bon pou m pote lanvi sou sa k pa pou mwen. Men Lalwa di: “Ou pa dwe pote lanvi sou zafè lòt moun.”(A) Peche pwofite okazyon an pou l sèvi ak kòmannman an pou fè m gen tout kalite vye lanvi. Peche pa egziste, si pa gen lalwa. Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan. 10 Konsa, mwen menm, mwen mouri. Kòmannman an, se pou m te ka viv, men pou mwen, se lanmò li pote. 11 Peche a pwofite okazyon an, li sèvi ak kòmannman an pou l twonpe m epi pou l fè m fè eksperyans lanmò.

12 Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon.

Jan 6:1-15

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Lik 9:10-17)

Apre sa, Jezi travèse lak Galile a. Yo rele l lak Tiberyad tou. Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo. Jezi monte sou mòn nan epi li chita la avèk disip li yo. Se te prèske lè pou fèt Pak Jwif yo.

Lè Jezi gade tout foul moun sa yo ki t ap pwoche kote l, li di Filip konsa: “Ki kote nou kapab achte pen pou tout moun sa yo manje?” Li te poze Filip kesyon sa a pou l te sonde l, paske Jezi te gentan konnen kisa li t apral fè.

Filip reponn Li: “200 denye[a] pen pa ta sifi pou chak moun ta jwenn ti moso!”

Te gen yon lòt disip la ki te rele Andre, frè Simon Pyè a. Andre di: “Men yon ti gason avèk senk pen ak de ti pwason. Pou di vre, sa sa ka fè pou tout moun sa yo?”

10 Jezi di: “Fè tout moun chita.” Se te yon kote ki te genyen anpil zèb, senk mil moun kon sa te chita sou zèb yo. 11 Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle.

12 Yo tout te manje vant deboutonnen. Lè yo fin i, Jezi di disip li yo: “Ranmase moso pwason ak moso pen moun yo pa fin manje yo. Pa gaspiye anyen.” 13 Konsa, yo ranmase moso ki te rete yo, yo ranpli douz panye ak moso ki te rete nan senk pen yo, lè tout moun te fin manje.

14 Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt[b] ki te gen pou vini nan lemonn nan.”

15 Jezi konnen moun yo t ap fè plan pou vin pran li epi mete l wa alatèt yo. Alò li pati epi l al nan mòn yo poukont li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International