Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 66-67' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 19 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 46 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 14:1-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 14:17-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 4:21-5:1

Egzanp Aga ak Sara

21 Di m non, nou menm ki vle obsève Lalwa a, èske nou pa konnen sa Lalwa a di? 22 Bib la di Abraram te gen de pitit gason. Manman youn nan yo se te yon esklav epi manman lòt la te gen libète l. 23 Pitit gason Abraram te fè ak esklav la te fèt jan tout moun fèt. Men pitit li fè ak fanm ki te gen libète l la te fèt dapre pwomès Bondye te fè Abraram nan.

24 Istwa sa a kapab gen yon lòt sans pou nou. De fanm sa yo se de alyans ant Bondye ak pèp li a. Youn nan alyans yo, se Lalwa Bondye te bay sou mòn Sinayi a. Moun ki anba alyans sa a, yo nan esklavaj. Manman ki rele Aga a, se alyans sa a. 25 Konsa, Aga se menm jan ak mòn Sinayi. Alaverite, mòn Sinayi se yon mòn nan peyi Arabi. Men Aga reprezante vil Jerizalèm nan moman m ap ekri nou la a. Vil sa se yon esklav, epi tout moun ladan l se esklav Lalwa a. 26 Men, Jerizalèm ki soti nan syèl la, li menm jan ak fanm ki gen libète l la. Se li ki manman nou. 27 Bib la di konsa:

“Fè kè w kontan, madanm,
    ou menm ki pa ka fè pitit.
Se pou w kontan,
    ou menm ki pa janm fè pitit.
Leve vwa w ak lajwa!
    Ou pa janm konnen doulè akouchman.
Fanm san mari a[a] ap gen plis pitit
    pase madanm k ap viv ak mari l la.”(A)

28 Pou nou menm, frè m ak sè m yo, nou se pitit ki te fèt selon pwomès Bondye a, menm jan ak Izaak. 29 Men, lòt pitit Abraram nan, ki te fèt kon tout moun nan, li te pèsekite sa k te fèt pa pouvwa Sentespri a. Se menm bagay jodi a. 30 Men kisa Bib la di: “Mete fanm esklav la deyò ak tout pitit li a! Pitit fanm ki gen libète l la ap resevwa tout sa papa l genyen, men pitit esklav la p ap jwenn anyen.”(B) 31 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa pitit fanm esklav la. Nou se pitit fanm ki gen libète l la.

Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.

Mak 8:11-21

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mat 16:1-4; Lik 11:16, 29)

11 Farizyen yo vin kote Jezi epi yo kòmanse poze l kesyon. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 12 Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.” 13 Apre sa, Jezi kite yo epi li monte nan ti bato a, li ale lòtbò rivyè a.

Disip Jezi yo mal konprann li

(Mat 16:5-12)

14 Disip yo te genyen yon pen avèk yo nan kannòt la. Yo te bliye pote pen. 15 Jezi avèti yo: “Pran prekosyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.”

16 Disip yo t ap diskite sou siyifikasyon pawòl la epi yo t ap di: “Se poutèt nou pa gen pen ki fè l ap di sa.”

17 Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Alò, li mande yo: “Sou Kisa n ap pale konsa? Paske nou pa gen pen? Nou poko konprann toujou? Èske se fèmen n ap esye fèmen lespri nou pou pa konprann sa m ap eseye di nou? 18 Èske nou gen je ki pa kapab wè? Èske nou gen zòrèy ki pa kapab tande? Epi èske nou pa sonje sa m te fè lè nou pa t gen ase pen an? 19 Lè mwen te separe senk pen pou 5,000 moun nan, èske nou sonje tou konbyen panye nou te ranpli ak mòso ki te rete yo?”

Disip yo reponn li: “Nou te plen douz (12) panye.”

20 E lè m te separe 7 pen pou 4,000 moun nan, konbyen panye nou te ranpli ak rès pen yo pa t manje yo? Yo reponn li: “Nou te ranpli sèt panye.”

21 Lè sa a, Jezi di yo: “Nou pa ka konprann toujou?”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International