Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 80 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 77 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 79 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 7:1-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 4:1-12

Èske Abraram ban nou yon rezon pou nou fyè?

Kounye a, kisa nou kapab di sou Abraram,[a] zansèt nou, ki leson l te aprann, limenm? Si Bondye te deklare Abraram jis sou baz sa l te fè, li ta gen rezon fè lwanj pou pwòp tèt li! Men li pa ka vante tèt li devan Bondye. Sa parèt aklè nan sa Bib la di: “Abraram te kwè nan Bondye, poutèt l te kwè, Bondye aksepte l kòm si l te fè sa ki dwat.”[b]

Lè yon moun travay, lajan yo peye l se pa yon kado. Li resevwa lajan an pou travay li te fè. Men si, olye pou w travay, ou mete lafwa w nan Bondye, li wè lafwa w epi li konsidere w kòm yon moun ki pa anba kondanasyon peche l. Bondye fè sa menm pou moun ki dezonore l. David di menm bagay la, lè l ekri sou benediksyon yon moun jwenn lè Bondye aksepte l kòm moun ki jis, san l pa gade sou sa moun nan te fè.

“Se yon gwo benediksyon
    lè yon moun jwenn padon pou fot li te komèt,
    lè peche l yo te jwenn padon!
Se yon gwo benediksyon
    lè Senyè a retire peche yon moun
    nan lis kote yo te ekri!”(A)

Èske benediksyon sa a se sèlman pou moun ki sikonsi? Oubyen èske l pou moun ki pa sikonsi tou? Nou te gentan di sa deja, se poutèt lafwa Abraram Bondye te aksepte l pou yon moun ki jis devan l. 10 Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. 11 Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. 12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a.

Jan 7:14-36

Jezi ap anseye nan Jerizalèm

14 Peryòd fèt la te deja nan mwatye konsa, Jezi ale nan tanp lan epi Li te kòmanse anseye. 15 Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”

16 Jezi reponn: “Sa m ap anseye pa soti nan mwen menm. Ansèyman mwen soti nan moun ki voye m nan. 17 Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman. 18 Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji kon sa p ap nan manti. 19 Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre? Men nou pa obeyi Lalwa a. Si nou obeyi Lalwa, pou kisa n ap chache touye m?”

20 Moun yo reponn: “Yon demon fè w fou! Nou p ap eseye touye w pyès.”

21 Jezi di yo: “Mwen te fè yon mirak yon jou saba, epi nou tout te choke. 22 Nou obeyi Lalwa Moyiz te bay sou sikonsizyon an epi pafwa nou fè l nan jou repo a. (Men an reyalite se pa Moyiz ki ban nou sikonsizyon an. Li soti depi zansèt nou yo ki t ap viv anvan Moyiz.) Wi, byen souvan nou sikonsi ti bebe gason yo nan jou repo a. 23 Konsa, nou travay nan jou repo a! Nou retire yon ti moso po nan sèks yon bebe jou repo a! Nou fè sa pou n evite vyole Lalwa Moyiz la! Alò, pou kisa nou leve kont mwen poutèt mwen geri yon nonm totalman nan jou repo a? 24 Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.”

Moun yo ap mande si se Jezi ki Kris la

25 Kèk nan moun Jerizalèm yo di: “Men nonm y ap eseye wè si yo ta touye a. 26 Men l ap anseye kote tout moun kapab ni wè li ni tande li. Epi pèsonn pa eseye anpeche l fè sa. Petèt lidè yo te deside se li ki Mesi a vrèman. 27 Men, lè vrè Mesi va vini, pèsonn p ap konnen kote l soti. Nonm sa a, nou konnen moun ki kote li ye.”

28 Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li. 29 Mwen konnen l paske se kote l mwen soti, epi se li menm ki voye m.”

30 Lè Jezi di sa, moun yo t ap eseye arete li. Men pa t gen yon moun ki te kapab mete men sou Li. Paske jou li pa t ko rive. 31 Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”

Lidè Jwif yo ap chache arete Jezi

32 Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li. 33 Alò Jezi di: “Mwen avèk nou pou yon ti kras tan ankò. Epi m ap retounen jwenn moun ki te voye m nan. 34 Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen. Epi nou p ap kapab vini kote m prale a non plis.”

35 Jwif yo t ap di antre yo: “Ki kote pou nonm sa a ale pou nou pa jwen li? Èske se nan vil Grèk yo li pral abite, kote moun pa nou yo ye? Èske li pral anseye Grèk yo laba a?” 36 Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International