Book of Common Prayer
Bondye ak pèp Jwif la
9 Mwen se moun Jezikris, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: 2 Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès 3 pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. 4 Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. 5 Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi[a] a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
6 Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre. 7 Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”(A) 8 Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram. 9 Men ki pwomès Bondye te fè: “Lane pwochèn, nan menm epòk sa a, m ap retounen epi Sara ap gen yon pitit gason.”(B)
10 Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. 11-12 Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”(C) Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm. 13 Jan Bib la di sa: “M renmen Jakòb, men m rayi Ezayi.”(D)
14 Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou! 15 Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.”(E) 16 Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle. 17 Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”(F) 18 Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.
Anpil nan disip yo vire do bay Jezi
60 Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”
61 Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou? 62 Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a? 63 Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi. 64 Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.) 65 Jezi di: “Se pou sa mwen te di nenpòt moun pa kapab vini jwenn mwen si Bondye Papa a pa ede li vini.”
66 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, anpil nan disip li yo vire do ba li, epi yo sispann swiv li.
67 Jezi mande douz disip yo: “Nou pa ta renmen ale tou?”
68 Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la. 69 Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.”
70 Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri[a] li ye.” 71 Li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Jida se te youn nan douz disip yo, men kèk tan apre, li te trayi Jezi lage l bay lènmi li yo.
Copyright © 2017 by Bible League International