Book of Common Prayer
12 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa dwe kite se feblès lachè k ap dirije nou epi k ap fè nou fè sa l vle. 13 Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.
14 Moun ki pitit Bondye, se moun ki kite Lespri Bondye dirije yo. 15 Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba,[a] Papa.” 16 Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. 17 Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikris. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.
N ap gen laglwa yon jou
18 Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan. 19 Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo[b] toutbon. 20 Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive kon sa avèk espwa sa: 21 kreyasyon an p ap kontinye rete esklav anba fòs sa yo k ap detwi l. Bondye vle kreyasyon an jwi menm libète ak laglwa pitit Bondye yo va genyen.
22 Nou konnen se plenn tout kreyasyon an ap plenn, jouk jodi a, menm jan ak yon fanm ansent k ap akouche. 23 Se pa sèlman kreyasyon an, men nou menm tou ki gen Sentespri Bondye a kòm garanti. N ap plenn ak lapenn nan kè nou pandan n ap tann lè a fin rive nèt, lè pou nou jwenn adopsyon nou kòm pitit Bondye, lè pou kò nou rive libere. 24 Bondye sove nou pou n ka gen espwa sa a. Se pa yon bagay nou wè kounye a. Si nou te ka wè sa, sa pa t ap yon espwa. Yon moun p ap espere sa l gentan genyen. 25 Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.
26 Sentespri a ede nou tou, paske nou sitèlman fèb. Nou pa menm konnen kijan pou n ta priye, men Sentespri a li menm pale ak Bondye pou nou, li sèvi ak soupi nou pa menm gen mo pou n ta tradui yo. 27 Bondye gentan konnen panse ki nan fon kè nou. Epi li konprann sa Sentespri a gen entansyon di li, paske Sentespri a ap pale pou pèp Bondye a yon fason ki tonbe daplon ak volonte Bondye.
41 Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.” 42 Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”
43 Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!” 44 Se Papa Bondye ki voye m, pa gen yon moun Papa a pa voye ban mwen ki kapab vin jwenn mwen. M ap resisite yo nan dènye jou a. 45 Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.”(A) Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen. 46 Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a.
47 Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl. 48 Mwen se pen ki bay lavi a. 49 Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. 50 Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. 51 Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.
Copyright © 2017 by Bible League International