Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 78 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 7:21-34' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 4:13-25

Resevwa pwomès Bondye pa lafwa

13 Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li. 14 Si se moun ki swiv Lalwa k ap jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè sa a, lafwa pa t ap gen okenn enpòtans, epi pwomès Bondye a t ap san valè. 15 Paske Lalwa rale kòlè Bondye sou moun ki dezobeyi l. Konsa, si pa gen lalwa, pa gen dezobeyisans lalwa.

16 Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se kon sa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout. 17 Se kon sa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.”[a] Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.

18 Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.”(A) 19 Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli. 20 Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye. 21 Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt. 22 Se poutèt sa “Bondye te aksepte l kòm moun ki aji dwat devan l.” 23 Men se pa sèlman Abraram Pawòl Bondye a di “Bondye aksepte l kòm moun ki dwat.” 24 Nou ladan l tou. Bondye ap aksepte nou paske nou kwè. Nou kwè nan sila a ki te resisite a, Jezi, Senyè nou an. 25 Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.

Jan 7:37-52

Jezi pale osijè Sentespri a

37 Dènye jou fèt la te rive. Se jou pi ki enpòtan an. Nan Jou sa a, Jezi kanpe epi li di byen fò: “Nenpòt moun ki swaf kapab vini jwenn mwen, epi nenpòt moun ki kwè nan mwen va bwè! 38 Si yon moun kwè nan mwen, Bib la di sous dlo va koule soti nan kè li.” 39 Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.

Moun ap fè diskisyon sou Jezi

40 Lè moun yo te tande sa Jezi di yo, gen nan yo ki di: “Nonm sa a se Pwofèt[a] la vre.”

41 Te gen lòt moun ki t ap di: “Se li menm ki Kris la.”

Te gen lòt ankò ki t ap di: “Kris la p ap soti nan Galile, pa vre? 42 Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.” 43 Konsa tout moun pa te gen menm opinyon sou Jezi. 44 Kèk nan yo te vle arete Li. Men pèsonn pa t eseye fè sa.

Kèk lidè Jwif derefize kwè

45 Polis tanp lan te retounen ale jwenn chèf prèt ak Farizyen yo. Prèt yo ak Farizyen yo te mande yo: “Pou kisa nou pa mennen Jezi vini?”

46 Polis tanp lan te reponn: “Nou pa janm tande moun pale menm jan ak nonm sa a.”

47 Farizyen yo reponn: “Alò, nonm nan pran tèt nou tou! 48 Nou pa wè youn pami lidè yo, ni pami nou menm Farizyen ki kwè nan Li, pa vre? 49 Sèl moun ki kwè nan li se foul la, ki se yon bann moun modi, paske yo pa konnen anyen nan Lalwa a!”

50 Men, Nikodèm te la nan gwoup sa a. Se li menm ki t ale wè Jezi anvan sa.[b] Li te di: 51 “Èske Lalwa nou an pèmèt nou jije moun anvan nou tande yo, pou nou chache konnen kisa yo fè?” 52 Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt[c] ki soti Galile?”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International