Book of Common Prayer
28 Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè. 29 Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal. 30 Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo, 31 yo pa gen bon konprann, yo pa kenbe pwomès yo, yo pa montre okenn jantiyès, yo san pitye pou lòt moun. 32 Yo byen konnen Lalwa Bondye a di moun k ap viv kon sa dwe mouri. Men, non sèlman yo kontinye ap aji konsa, yo aplodi moun k ap fè menm bagay sa yo tou.
Ou pa kapab jije lòt moun yo
2 Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo. 2 Ou di, “Nou konnen Bondye jije tout bagay sa yo epi jijman Bondye a jis.” 3 Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye? 4 Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon kon sa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.
5 Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li. 6 “Bondye ap rekonpanse oubyen pini chak moun selon sa l te fè.”(A) 7 Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl. 8 Men gen lòt moun ki egoyis, yo refize swiv verite a. Yo deside mache nan lenjistis. Bondye ap pini yo lè li an kolè. 9 Bondye ap lage tout moun k ap fè sa ki mal yo nan tèt chaje ak nan soufrans. Sa pral rive moun ki Jwif yo anvan, answit moun ki pa Jwif yo. 10 Men tout moun ki fè sa ki byen, Bondye ap ba yo laglwa, lonè ak lapè, pou Jwif an premye ak pou moun ki pa Jwif yo tou. 11 Bondye jije chak moun menm jan, paske Bondye pa nan patipri.
Jezi geri yon nonm toupre yon pisin
5 Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen. 2 Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda,[a] nan lang ebre. 3 Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize.[b] 4 [c] 5 Youn nan moun ki te kouche la te malad depi trantuitan. 6 Jezi wè li kouche la epi li konnen l malad depi byen lontan. Li di li: “Èske ou vle geri?”
7 Malad la reponn: “Mesye, m pa gen pèsonn pou ede m antre nan dlo a lè l ap fè mouvman. Chak fwa m eseye, yon lòt moun toujou pase devan m.”
8 Alò Jezi di l: “Leve kanpe, pran kabann ou, epi mache.” 9 Menm lè a, nonm nan geri. Li pran kabann li epi li te kòmanse mache.
Men bagay sa a te rive yon jou saba. 10 Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou repo a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.”
11 Men nonm nan reponn: “Moun ki geri m nan di: Pran kabann ou epi mache.”
12 Yo mande li: “Ki moun sa ki di w pran kabann ou epi mache a?”
13 Men nonm ki te geri a pa te konnen kilès moun ki te geri l la te ye. Te plen moun la, epi Jezi te gentan ale.
14 Pita, Jezi jwenn nonm nan nan tanp lan, epi li di li: “Ou wè, ou geri. Sispann peche, sinon yon pi move bagay riske rive w!”
15 Alò nonm nan pati retounen jwenn Jwif yo ki t ap poze li kesyon yo. Li di yo se Jezi ki te geri li.
16 Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou repo a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm. 17 Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se kon sa mwen menm tou m ap travay.”
18 Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou repo a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”
Copyright © 2017 by Bible League International