Book of Common Prayer
Jezi vin fèt pòtrè ak pèp li a pou l ka sove yo
5 Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a. 6 Men sa ki ekri nan Bib la:
“Poukisa moun enpòtan pou ou konsa?
Pou kisa ou panse ak moun menm?
Poukisa ou pran swen pitit lòm nan[a]?
Poukisa li enpòtan pou ou konsa?
7 Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan.
Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.
8 Ou mete tout bagay anba kontwòl[b] li.”(A)
Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li. 9 Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.
10 Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay[c] nan li. Konsa, li ka sove anpil moun.
9 Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.
10 Men Pawòl la te nan mond lan deja,
se ak Pawòl la menm mond lan te kreye.
Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.
11 Li te vini pami moun pa l yo,
men moun pa l yo pa t resevwa li.
12 Men, tout moun ki resevwa Pawòl la,
epi ki kwè nan li,
li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
13 Yo vin pitit Bondye,
men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit.
Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa,
men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.
14 Pawòl la te vin tounen moun
epi li viv nan mitan nou.
Nou te wè grandè li manifeste,
yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen.
Pawòl la te plen gras
epi li montre nou tout verite Bondye a.
Copyright © 2017 by Bible League International