Book of Common Prayer
1 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikris,[a] k ap salye nou.
Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a. 2 Bondye te pwomèt Bòn Nouvèl sa a nan Pawòl li byen lontan deja pa mwayen pwofèt li yo. 3 Bòn Nouvèl la konsène Jezikris, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun. 4 Men lè Sentespri a[b] resisite Jezikris, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.
5 Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris. 6 Nou menm tou, nou se moun Bondye chwazi pou Jezikris.
7 Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li.
Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.
Yon priyè pou di Bondye Mèsi
8 Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikris. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. 9 M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a. 10 M toujou mande Bondye, nan priyè m, pou l louvri yon pòt pou pèmèt mwen rive al lakay nou. 11 Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò. 12 Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.
13 Frè ak sè m yo, mwen fè n konnen mwen te fè plan plizyè fwa pou m ale lakay nou, men yon bagay toujou pase pou chanje plan m yo. Mwen ta renmen wè lakay nou menm bon rezilta mwen te genyen nan mitan moun lòt nasyon ki pa Jwif yo.
14 Mwen dwe sèvi tout moun, kit se moun sivilize, kit se moun ki pa sivilize, kit se moun enstwi, kit se moun ki pa enstwi. 15 Se poutèt sa, mwen si tèlman vle pote Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm k ap viv nan lavil Wòm.
27 Menm lè a, disip yo vin rive. Yo te sezi wè Jezi t ap pale ak yon fanm. Men, pèsonn pa t oze mande li: “Ki sa ou ap chache?” ni “Pou kisa ou ap pale avè l?”
28 Alò, fanm nan kite veso li te pote pou pran dlo a, li retounen nan vil la. Li t ap mache di moun yo: 29 “Men yon nonm ki di mwen tout bagay mwen fè. Vin wè, èske se pa ta li menm ki Mesi a?” 30 Se konsa, pèp la soti lavil la epi y al wè Jezi.
31 Pandan fanm nan te nan vil la, disip Jezi yo t ap ankouraje Jezi konsa: “Mèt, manje yon bagay non!”
32 Men Jezi reponn: “Mwen gen yon manje pou m manje nou pa konnen.”
33 Disip yo t ap mande antre yo: “Èske gen yon moun ki ta gentan pote manje ba li?”
34 Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a. 35 Lè nou fè jaden, nou toujou di nan kat mwa ankò n ap gen rekòt. Men m ap di nou, leve je nou gade jaden yo. Yo gentan bon pou rekòt la. 36 Moun k ap ranmase rekòt la ap touche salè yo. Y ap rasanble fwi pou lavi etènèl. Konsa moun k ap plante a ak moun k ap ranmase rekòt la kapab rejwi ansanm. 37 Nan ka sa a, sa yo di a se vre: Youn plante, yon lòt rekòl te. 38 Mwen voye n al ranmase rekòt kote nou pa t plante. Gen lòt moun ki te plante, epi se nou menm k ap pwofite travay yo.”
39 Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.” 40 Samariten yo ale kote Jezi. Yo mande Li rete ak yo. Konsa, Jezi te pase de jou ak yo. 41 Anpil lòt moun te kwè nan Li poutèt sa Li t ap di.
42 Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.”
Copyright © 2017 by Bible League International