Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Travay 16:16-34

Pòl ak Silas nan prizon

16 Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan. 17 Jenn fi a tonbe swiv Pòl ansanm avèk nou. Tout tan l ap swiv nou an, l ap rele byen fò, l ap di: “Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la yo ye. Y ap fè nou konnen kijan pou nou vin sove.” 18 Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li.

19 Lè mesye yo ki te mèt ti jenn fi a wè sa k pase a, yo konprann yo p ap ka sèvi avè l ankò pou fè lajan. Konsa, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo al sou plas piblik la pou fè yo parèt devan majistra yo. 20 Yo mennen Pòl ak Silas devan majistra Women yo, epi yo di: “Mesye sa yo se yon kolonn Jwif ki vin ap kreye dezòd nan vil nou an. 21 Y ap plede montre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt nou fè, paske nou menm se Women nou ye.”

22 Tout foul la nèt te vire kont Pòl ak Silas. Konsa, Chèf Women yo chire rad sou Pòl ak Silas epi yo bay lòd pou yo bat yo byen bat ak fwèt. 23 Apre yo fin bat Pòl ak Silas byen bat, yo fèmen yo nan prizon. Apre sa, yo mande chèf prizon an pou l veye mesye yo byen. 24 Fini l fin resevwa lòd la, chèf prizon an mete Pòl ak Silas nan yon kacho ki jouk nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan yon sèp[a] an bwa.

25 Vè minui konsa, Pòl ak Silas t ap priye epi yo t ap chante louwanj Bondye. Lòt prizonye yo menm t ap koute. 26 Sanzatann konsa, yon gwo tranblemanntè pase. Li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Tout pòt prizon yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase. 27 Lè chèf prizon an reveye, li wè tout pòt prizon yo louvri. Li rale nepe l pou l te touye tèt li,[b] paske l te panse prizonye yo te gentan sove. 28 Men, Pòl rele byen fò: “Pa fè tèt ou mal, nou tout la!”

29 Lè sa a, chèf prizon an mande pou yo vini ak yon chandèl. Li kouri nan kacho a, ap tranble tankou fèy bwa, tèlman l te pè. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. 30 Apre sa, li fè yo soti nan kacho a epi li mande: “Mesye, kisa m dwe fè pou m sove?”

31 Pòl ak Silas reponn: “Mete konfyans ou nan Jezi, Senyè a, epi ou ap sove, ou menm ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.” 32 Epi Pòl ak Silas anonse chèf prizon an Bòn Nouvèl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun lakay li. 33 Nan mitan lannuit la menm, chèf prizon an pran Pòl ak Silas, li netwaye kote yo te blese yo. Apre sa, Pòl ak Silas batize chèf prizon an ansanm ak tout fanmi li. 34 Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a.

Error: 'Sòm 97 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 22:12-14

12 Nan yon ti tan ankò, m ap vini. M ap vini ak rekonpans, pou m bay chak moun dapre sa yo te fè. 13 M se Alfa ak Omega, se mwen ki premye ak dènye.

14 Benediksyon pou moun ki lave rad[a] yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la!

Revelasyon 22:16-17

16 Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.

17 Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.

Revelasyon 22:20-21

20 Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.”

Amèn! Vini non, Senyè Jezi!

21 Se pou gras Senyè Jezi rete poze sou nou tout.

Jan 17:20-26

20 Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo. 21 Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m. 22 Mwen menm, mwen ba yo glwa ou te ban mwen an. Mwen ba yo l pou yo tout ka fè youn, menm jan ou menm ak mwen fè youn. 23 Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.

24 Papa, mwen vle kote m ye, se la pou moun ou ban mwen yo ye avè m tou, pou yo wè glwa ou ban mwen, paske ou renmen mwen anvan lemonn te fèt. 25 Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen. 26 Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International